Digicel anonse li gen yon sit majè ki tonbe an pàn nan Gran Nò peyi a 

0

Konpayi telefonik Digicel enfòme popilasyon an an jeneral e an patikilye moun nan depatman Nodwès, Latibonit, Plato Santral ak Nò, li gen yon sit majè nan « depatman Latibonit » ki tonbe, se sa n li nan yon nòt yo soti jodi jedi a.

Daprè Digicel, pwoblèm sa rive se akoz ekip teknik yo rankontre anpil difikilte pou rive fè sèvis sou sit sila, paske glisman tèren bloke wout pou rive nan sit sa depi plis pase 2 jou.

Konpayi wouj e blan an mande pou moun ki itilize sèvis li yo konprann sitiyasyon an. Sit sila a responsab 54 lòt ki epapiye nan depatman konsène yo e li afekte plis pase 120 000 kliyan.

“ Konpayi an ap mobilize popilasyon nan zòn lan pou wè kòman nou ka jwenn pasaj sou wout la, e pèmèt ekip teknik nou yo rive nan sit enpòtan sa a ”, pawòl ki mansyone nan nòt Konpayi a.

“ Nou vle eskize nou devan kliyan nou yo, ki merite ka ret konekte e n ap asire yo, nou deja pran tout dispozisyon posib pou retabli sèvis la. Mèsi pou konpreyansyon nou ”, sa nou li nan nòt Digicel la.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici