Guintheur Pierre deside pote tèt li bay DCPJ

0
18

Guintheur Pierre, ki te gen avi rechèch dèyè li pou enplikasyon prezime li nan plizyè ka kidnapin ak detansyon zam ilegal, deside, jodi jedi 4 dawout la, pote tèt li bay DCPJ.

Vandredi 29 jiyè mwa pase a , lapolis te menen yon operasyon nan Debisi, nanTijo, ap chache Guintheur Pierre. Misye ta enplike nan pran plezi fè kidnapin sou wout ayopò a ak Tijo. Ajan lòd yo pat jwenn tras li men yo te jwenn madanm li nan kay la, e yo te tou arete li.

Aprè sa, lapolis te jwenn yon latriye materyèl tankou: zam, chajè zam, katouch, senti lapolis, inifòm lapolis, kouto, poun site sa yo sèlman.

Jodi jedi 4 dawout la, nan yon ti bout videyo amatè k ap fè laviwonn rezo sosyal yo, prezime kidnapè a akonpaye avoka li rann tèt li bay DCPJ pou al reponn kesyon konsènan akizasyon yo.

Leave a reply

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici