Meteyo : peyi a gen vijilans jòn sou li akoz pasaj yon depresyon twopikal nan zòn Karayib la

0

Vijilans jòn lanse sou Ayiti akoz pasaj yon depresyon twopikal sou lanmè Karayib la depi kòmansman wikenn nan, daprè sa Inite Idwometeyowolojik ansanm ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil anonse jodi a.

Responsab Sistèm Nasyonal k ap Jere Risk Dezas yo fè konnen se fenomèn sa a ki deja lakoz kondisyon move tan sitou nan depatman Sid, Grandans au Sidès.

Daprè previzyon meteyowolojik yo, depresyon twopikal sila kapab tounen yon ond twopikal nan mitan jounen vandredi an. Pou kounya, li twouve li a 515 kilomèt Jamayik ak posiblite pou l dirije l nan direksyon nòdès pandan wikenn nan.

Depresyon twopikal sa a, otorite ap kontwole, kapab pwovoke gwo lapli, gwo van epi lakoz lanmè yo ajite sitou nan depatman Sid, Sidès, Nip ak Grandans. Epi, apati demen samdi a, fenomèn sila kapab afekte pifò depatman yo pandan l ap pran direksyon Kiba.

Fas ak menas gwo lapli yo, Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas ki anndan l, Inite Idwometeyowolojik ansanm ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, kenbe vijilans jòn poutèt posiblite pou gen inondasyon, glisman teren, eboulman ak move kondisyon sou lanmè nan depatman ki sible yo, sa nou li nan yon kominike Pwoteksyon Sivil pibliye.

Nan sikonstans sa, Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas mande popilasyon an, sitou sila ki twouve yo nan zòn malè pandye yo rete vijilan. Kontinye fè nouvèl, suiv bilten meteyo k ap pataje avan, pandan ak apre pasaj ond twopikal sa a. “Sezon siklòn nan poko fini. Toujou kontinye prepare n !!!! ” sa otorite yo raple.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici