Zonbifikasyon : moun nou panse ki mouri ka reveye, men diferan ka lasyans rekonèt

0

Depi lontan, kesyon zonbifikasyon pa sispann fè pale de li an Ayiti. Yon dosye ki pran plis anplè preske chak mwa novanm paske epòk sa moun yo kwè gen zonbi ki lage nan tout lari. Sa rive anpil dout plane sou istwa yo rakonte n sou kesyon zonbifikasyon an. Redaksyon Passion Info Plus deside gade, an pati, kisa syantifikman ki te ka eskplike kòman yon moun ki fin mouri fè reveye oubyen leve.


Fenomèn zonbifikasyon an rete youn nan trè kiltirèl Ayiti ki pa sispann pike kiryozite anpil moun. Gen moun ki kwè li reyèl an Ayiti pou yon pratikan vodou leve moun mouri, yon aksyon pèsonn poko vrèman pwouve ak tout prèv. Men depi lontan n ap tande istwa moun yo di ki mouri ki reveye swa nan mòg oubyen sèkèy, yo konn di gen mòg ki touye moun yo malgre yo reveye jis pou yo ka fè kòb la, gen moun yo di ki mouri depi plizyè jou epi nan antèman yo wè y ap bay san nan sèkèy la ak plizyè lòt ka ankò. San nou pa bliye ka kote moun rapòte yo kwaze ak yon moun yo konnen ki te mouri epi yo te antere. 


Nan yon tèks li ekri sou fenomèn sa epi li pataje avèk nou, Doktè Kerry Norbrun eksplike ak tout detay kòman sa rive posib, syantifikman, yon moun nou konn panse ki mouri epi reveye lapoula, sitou nan mòg.

Se avèk yon pwazon yo zonbifye moun

Selon Doktè a, zonbifikasyon se yon fenomèn ki la depi nan tan esklavaj kote nwa yo te konn itilize l pou sanksyone moun k ap fè deriv nan kominote an. Yo jije akize a nòmalman avan epi yo ba l santans li, kote yo zonbifye l pou fè l travay fòse. “ Jounen jodi a, yo itilize zonbifikasyon pou fè moun mal, paske se yon pwazon yo bay pou zonbifye moun ki fèt abaz yon poud yo itilize ki se yon bagay ki syantifikman pwouve, se nan pwazon sa yo pyeje moun nan ”, eksplikasyon l.


Nan poud sa yo itilize yon pwazon ki rele TTX “tetrodrotoxine” yo jwenn nan yon pwason ki rele foufou. Pwason sa ki konn gonfle fè kò l fè pikan, li gen yon pwazon, japonè manje pwason sa anpil, epi yo repere plizyè ka japonè ki pran nan pwazon pwason sa gen ladan l la chak ane. Nan peyi Japon fòk ou gen papye pou w kuit pwason foufou pou moun, se sa Doktè Kerry Norbrun ekri.


Pi lwen, li fè konnen pou pwazon sa penetre po moun nan yo itilize yon bann resèt pami yo “po krapo” ki gen yon pwazon ladan l ki pral fè moun lan plede grate epi sa pral kreye lezyon epi poud la ap antre, epi  penetre veso yo jiska li rive nan san moun lan.

“ Lè TTX la antre nan kò moun, li bloke sodyòm ki nan kò a, sa pral fè tout fonksyon vital yo fonksyone an ralanti. Moun lan paka bouje ; li ka menm difisil pou wè si moun sa ap respire ; ou ka pa santi si kè l ap bat ; lè w ouvri je l ou wè “pupille” li dilate paske nan resèt yo fè a gen yon flè yo itilize, yo konn fè te klòch avè l, flè sa fè pipiy je w dilate tankou se yon mò ”, pawòl Doktè a.


Donk moun ki viktim nan vin tankou moun ki mouri. Selon kantite dòz pwazon yo te bay moun nan, depi pwazon an kòmanse fini, moun nan ka reveye swa nan mòg la, nan antèman l oubyen nan kav li. Se sak fè n konn tande nan pita moun ki zonbifye moun nan al reveye l avèk yon “antidòt” kont “TTX” la. Doktè Kerry Norbrun presize, jiska prezan, okenn syantifik pa konnen kisa yo itilize kòm antidòt la.


Epi lè yo reveye moun nan yo toujou ba l bwè pwazon an pou delala l, pou kenbe l an eta zonbi an kòm se sodyòm yo TTX la bloke, sèl kizin fèt abaz sodyòm ak klò, se sak fè yo pa bay zonbi yo sèl. Pwazon yo bay yo a se pou bloke sodyòm ki nan kò a. 

Lòt rezon ki fè moun mouri ka leve 

Medsen an te pale sou yon lòt fenomèn, ki gen rapò ak lasyans, ki ka fè yon moun yo te panse ki mouri reveye. 

Dezyèm fenomèn ki konn fè moun yo leve nan mòg kote yo konn annik voye moun nan nan tiwa glase mòg la epi li leve menm kote a, koz sa se yon pwoblèm ki gen nan kè. Yo rele li “fibriyasyon vantrikilè” kote olye kè a bat, li tonbe tranble pito. 

Nan ka sa, yo konn ap chèche batman kè a yo pa jwenn anyen. Epi, pou kè a redemare pou l bat nòmal fòkb li gen yon chòk, ebyen lè yo annik pran moun nan yo voye l nan tiwa glase a, sa ka kreye yon chòk epi kè a redemare. Se nan ka sa yo nou konn tande moun nan leve nan mòg la, eksplikasyon Doktè a.

Anplis, gen yon twazyèm fenomèn. Sa li menm yo rele l “Phénomène de Lazare” kote kè yon moun bloke yo fè tantativ pou reyanime l epi tout tantativ echwe. 

Sa ka rive moun nan rete li leve pou kò l. Depi 1982, yo mansyone l 38 fwa nan literati medikal la sou fenomèn sa. Ipotèz (gen plizyè lòt) ki tante eksplike sa yo panse a koz presyon yo t ap fè sou pwatrin nan lè yo t ap tante reyanime l la, ki vin kreye yon presyon negatif, ki vin dilate kè an epi rapid aktivite elektrik kè a redemare. Se rezon sa ki fè nan etik medikal yo akòde 10 minit a yon moun yo tap eseye anime ki echwe, toujou selon sa Doktè Kerry Norbrun ekri.

Si nou ap baze sou tout enfòmasyon sa yo Doktè a pataje avèk nou, nou ka eseye konprann an pwofonfè lè Ayisyen konn deklare yon moun pa mouri, men pito se malfektè oubyen yon pratikan maji nwa ki “Toudi” li. Anpil sitwayen, sitou an pwovens, konn menm rete kwè moun sa tande tout sa k ap pase, moun k ap kriye, vèy li k ap fèt, men li paka reyaji.

Photo mise en avant/Le nouveau film de Bertrand Bonello, “Zombi Child”, est en partie inspiré d’un très fameux cas de zombification survenu en 1962 à Haïti. Celui de Clairvius Narcisse, qui fut empoisonné, enterré vivant, puis déterré et réduit en esclavage…

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici