Mouvman kont ensekirite: Konsèy Prezidansyèl la ak Gouvènman di yo tande kri sitwayen yo

0

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak Gouvènman, nan yon kominike yo pibliye jodi 20 mas 2025 lan, di li vle rasire chak sitwayen yo tande kri yo, yo konprann kè sote yo, epi yo rete fèm nan detèminasyon yo pou reponn ak revandikasyon lejitim pèp la.

Peyi a ap travèse yon moman difisil kote ensekirite menase lavi ak byennèt chak sitwayen, chak sitwayèn, men batay la ap kontinye san rete pou retabli lòd, lapè ak estabilite sou tout teritwa a, se sa nou li nan kominike konjwen sa KPT ak Primati rann piblik.

“ Depi plizyè mwa, plizyè aksyon estratejik ap mennen pou konbat ensekirite a. Operasyon militè ak polisye ki fèt deja pèmèt anpil bandi netralize oswa fè vwèl pou peyi san chapo ”, deklarasyon otorite yo.


Nouvo estrateji fòs lòd yo mete sou pye gen ladan, selon kominike sa, itilizasyon dròn ak lòt ekipman modèn ki vin ogmante kapasite repons lan. Sekirite pa yon bagay ki fèt ak yon sèl kout kle, men li mande metòd, pasyans, kowòdinasyon tout aktè yo ak patisipasyon aktif popilasyon an, pawòl responsab yo.


Pi lwen, chèf yo fè kwè yo konprann dezespwa ak enpasyans pèp la, e yo rekonèt gen anpil chimen ki rete pou yo fè, pandan yo presize angajman yo p ap febli e yo di KPT ak Gouvènman an ap double efò pou chak fanmi ka rekipere lavi yo ak diyite, pou chak sitwayen chak sitwayèn ka retounen lakay yo san laperèz, san kè sere.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici