Zak vyolans bandi yo ki entansifye nan kapital la dènye tan sa yo, sitou nan Kafoufèy, charye dèyè l anpil konsekans grav menm nan nivo sante piblik. Nan sans sa, lopital sanatoryòm ki nan zòn nan twouve l nan enkapasite pou l bay sèvis medikal li yo, moun ki soufri maladi tibèkiloz yo lage nan lari.
Pasyan sa yo, anpil nan yo ki te entène, oblije lage nan lari ap chèche kote pou yo pran refij anba kout bal bandi Granravin. Yon sitiyasyon ki bay gwo kè kote paske maladi sila riske gaye. Anpil moun nan popilasyon an ap fwote ak moun sa yo. Sa ki ogmante risk pou yo kontaminen. Dayè direktè medikal Sanatorium nan Louis Charles, nan yon entèvyou li bay jounal Premye Okazyon an lendi premye septanm nan, fè konnen medikaman kont maladi a pa vann nan famasi, se nan lopital la ki gen medikaman nesesè yo.
Alòs, nan sousi pou enfòme sou ki danje reyèl ki genyen epi kòman fè prevansyon, redaksyon Passion Info Plus te pale ak yon medsen ki travay nan domèn nan.
Kisa ki tibèkiloz la ?
Tibèkiloz se yon maladi enfektyez bakteri yo rele Mycobacterium tibèkilozis la bay. Li sitou afekte poumon yo, men li ka afekte tou lòt pati nan kò a. Li transmèt nan lè a, lè moun ki enfekte touse, estènen oswa pale.
Daprè doktè Saint Cyr Iclencia yon medsen généralis ak yon espesyalis nan domèn nan redaksyon Passion Info Plus te fon ti pale ak li sou koze sa di:
“Sentòm yo depann sou kondisyon jeneral pasyan an, men sentòm ki pi komen yo se pèdi pwa, swe lannuit, lafyèv ak tous kwonik, sa vle di yon tous ki pèsistan.
Epi se nan sentòm sa yo nou doktè yo gen tandans envestige, sa vle di, gade pi lwen pase bwonchit elatriye.
Tibèkiloz se yon maladi ki pran tan pou l regle, se yon maladi opòtinis, sa vle di li la sepandan li kòmanse manifeste lè kò moun nan kòmanse febli”.
Maladi a transmèt le ou respire patikil yo. Lè yon ki moun ki gen maladi a touse oswa nan espas li voye ti patikil la, se sak fè depi yon moun touse andedan yon lopital doktè yo tou fèl mete yon mas.
Faktè risk pou trape maladi tibèkiloz yo se
●Antre an kontak dirèk ak yon moun ki gen tibèkiloz: si ou gen kontak dirèk avèk yon moun ki gen tibèkiloz, ou ka gen plis chans pou trape maladi a.
●Sistèm iminitè fèb: Si ou gen yon sistèm iminitè ki pa fò, tankou si ou gen VIH/SIDA, ou ka pi frajil pou trape tibèkiloz la.
●Malnitrisyon: si ou pa manje ase byen, sa ka afekte sante ou epi fè ou pi frajil pou trape maladi an.
● Fimen: fimen ka afekte poumon ou epi fè ou pi frajil pou genyen tibèkiloz.
●Konpòtman riske: si ou fè konpòtman riske tankou itilize dwòg, ou ka gen plis chans pou trape tibèkiloz.
●Anviwònman: si ou rete nan yon zòn ki gen anpil moun ki soufri tibèkiloz, sa ka ogmante chans pou w trape maladi a.
Konbyen tan tretman tibèkiloz la dire ?
Toujou selon doktè anTretman an jeneralman dire 6 mwa epi yo bay pasyan an terapi antibyotik.
“Anjeneral nou kòmanse ak 4 antibyotik pou 2 premye mwa yo nou itilize (rifanpicin, izonyazid, pirazinamid etanbitòl) ak rès 4 mwa ki rete yo, nou sèvi sèlman ak izonyazid epi rifanpicin.
Konplikasyon yo depann de ògàn ki te afekte an, depi nan kòmansman paske se pa sèlman nan poumon moun nan gen tibèkiloz la”.
Gen 2 tip tibèkiloz, youn se tibèkiloz pilmonè ki afekte poumon yo epi tibèkiloz ekstra pilmonè ki afekte ògan tankou zo, ren, nan nivo menenj yo sa vle di nan sèvo ak mwèl zo, tibèkiloz nan vant (nan nivo peritonèm la) tibèkiloz perikad, sa vle di nan kè.
Si se tibèkiloz zo moun nan genyen, li ka genyen yon defòmasyon zo, pou tibèkiloz ren li ka genyen ensifizans renal nan nivo menenj, li bay menenjit ki se lè manbràn ki antoure sèvo an mwèl epinyè a anfle, tibèkiloz nan nivo perikad lan bay perikadyòm kadyak (ensifizans kadyak) nan nivo po fistil ak maladi ilsè.
Efè segondè tretman an depann de moun nan jeneralman nou pale vomisman, pa ka manje, pèdi pwa, dyare, chanjman nan koulè pipi, saliv, pa ka domi, tèt vire, elatriye.
Doktè yo toujou fè yon tretman prevantif kont tibèkiloz pou moun ki gen VIH. Gen entèraksyon dwòg ki pral modifye jesyon maladi sa yo.
anvan sa, tibèkiloz pat gen okenn tretman men sitiyasyon an te evolye defi aktyèl la se pa sèlman fè bon prevansyon, men tou detekte ak geri moun ki kontajye paske nou tout konnen tibèkiloz la transmèt nan lè toujou daprè espesyalis la.
Epi yon pasyan ki sou tretman dwe pran medikaman yo regilyèman sinon tretman an pral difisil, paske yo pral devlope rezistans nan medikaman yo ki pral vin inefikas, se sa doktè Louis Charles te souliye.
Konsèy
Kek Konsèy doktè Iclencia bay pou anpeche maladi sa pwopaje, li enpòtan pou pran kèk mezi prevansyon, tankou:
- Pran vaksen an: vaksen BCG a ka ede anpeche fòm tibèkiloz grav nan timoun yo.
- Suiv tretman apwopriye: si yo te dyagnostike w ak TB, li esansyèl pou suiv tretman doktè preskri w la epi konplete li, menm si w santi w pi byen.
Pa itilize medikaman yo nenpòt kijan yon fason pou lè yo tounen nan pwogram nan pou kò nou pa fe rezistans. - Kouvri bouch ou ak nen ou: lè ou touse oswa estènen, kouvri bouch ou ak nen ou ak yon twal oswa yon mas pou evite gaye mikwòb la.
- Ouvri espas ki fèmen yo: asire w chanm yo byen ayere lè w ouvri fenèt yo regilyèman, paske TB gaye pi fasil nan espas ki fèmen yo.
- Evite kontak sere: evite kontak pwolonje ak sere ak moun ki gen TB aktif, sitou si ou gen yon sistèm iminitè ki fèb.
- Kenbe yon bon ijyèn: lave men w regilyèman ak dlo ak savon, sitou apre w fin an kontak ak yon moun ki malad.
Pou moun ki gen maladi, fòk yo toujou itilize gode pa yo ak asyèt pa yo. - Mete yon mas: si w gen TB aktif, mete yon mas chirijikal pou diminye ak gaye bakteri lè w bò kote lòt moun.
Manje anpil fri ak legim yon fason pou pèmèt nou kenbe tèt nou an sante.
Synda Dolce