Move nouvèl pou gason k ap itilize sigarèt elektwonik. Gen yon etid ki fenk fèt nan New « York University » ak « Johns Hopkins University », ki pibliye nan « Americain Journal of Preventive Medicine » ki revele aklè nèg ki ap fimen sigarèt elektwonik gen plis pase 2.4% chans pou yo gen pwoblèm pou yo bande pase lòt moun k ap fimen sigarèt klasik la.
Alòs anpil moun konsidere fimen sigarèt elektwonik gen mwens efè sou sante paske yo panse yo rale mwens nikotin ladan l pase sigarèt klasik la, otè prensipal etid la, Omar El Shahawy, te vle asire si sigarèt elektwonik lan pa gen okenn efè vre sou sante nèg ki ap pran yo
Se pou sa syantifik la ak tout ekip li yo analize 45,971 gason ki gen laj ant 20 ak 65 an. Gen kèk ki te ansyen fimè tabak ak genyen ki potko janm fimen. Patisipan yo te separe tou ak moun ki gen pwoblèm kadyovaskilè epi moun ki pa gen pwoblèm. Toutfwa, sa pa ta dwe pran alalejè paske depi dènye rechèch sijere ke malfonksyònman erektil ka yon endikatè nan maladi kè.
« Depi anpil moun sèvi ak sigarèt elektwonik pou redwi enkonvenyans fimen oswa pou ede yo kite fimen, nou bezwen byen envestige relasyon ki genyen ant pwodwi « vaping » ak malfonksyònman erektil, epi konsa pi byen konprann enplikasyon potansyèl yo pou sante seksyèl gason an, » kòmantè. Omar El-Shahawy, yon chèchè nan Depatman Sante Popilasyon nan New York University ak otè prensipal etid la.
Ekip rechèch la te itilize done ki soti nan « Population Assessment of Tobacco and Health (PATH) » Etid, yon etid reprezantatif nasyonalman sou 45,971 Ameriken ki te gade konpòtman fimen ak rezilta sante ki asosye ak konpòtman sa yo. Chèchè yo te konsantre sou 13,711 gason ki gen laj 20 ak plis, ki te rapòte malfonksyònman erektil. Yo te egzaminen tou yon ti echantiyon sou 11,207 gason adilt ki gen ant 20 a 65 lane ki pa te gen risk pou maladi kadyovaskilè.
Moun ki reponn yo te klase nan twa gwoup: moun ki pa janm itilize yon sigarèt elektwonik, moun ki te vape nan tan lontan an, ak moun ki toujou vape (okazyonèlman oswa chak jou) konpare ak moun ki pa janm itilize yon sigarèt elektwonik, itilizatè chak jou yo te gen plis pase de fwa plis chans pou genyen pwoblèm pou bande (2.2 fwa nan echantiyon konplè a ak 2.4 fwa nan ti echantiyon an).
10.2% nan mesye yo kesyone te deklare yo gen pwoblèm pou bande. Toutfwa chèchè yo fè konnen anpil egzèsis fizik redwi risk sa a nan tou de echantiyon yo.
Sigarèt elektwonik lakoz anpil gason gen pwoblèm pou bande
Recent Comments
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur Haïti : Nou P ap Dòmi lance un concours de débat sur la corruption et l’impunité pour les écoliers
sur Port-au-Prince : au moins 28 présumés bandits tués, trois véhicules, un drone et des armes saisis
sur Fondation Digicel : les 18 gagnants de la 8ᵉ édition de « Konbit Pou Chanjman » désormais connus
sur À l’initiative de VOA Kreyòl, plusieurs journalistes haïtiens ont reçu une formation aux Etats-Unis
sur À la recherche de matériels perdus, au moins 5 présumés bandits récoltent le «Bwa Kale» à Mirebalais
sur Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur Haïti: 2 439 personnes tuées, 902 blessées et 951 enlevées de janvier à mi-août, note HumanRights
sur Élection à la tête de la Fédération Protestante d’Haïti : Dr Julio Volcy à la conquête du grand Nord
sur Assassinat des deux journalistes: l’AHML condamne et presse les autorités à diligenter une enquête
sur Une femme découvre que son compagnon est en réalité son frère biologique après 6 ans de relation
sur Nord-Ouest : deux présumés bandits arrêtés, deux fusils d’assaut et d’autres matériels récupérés
sur Avec un Stephen Curry « ON FIRE », Golden State égalise deux victoires partout face à Boston Celtics
sur « Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur Élection présidentielle colombienne: un candidat favori veut distribuer gratuitement de la cocaïne
sur « Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur Selon la fille aînée de Samir Handal, son père vivait à Miami et FBI était au courant de son voyage
