19.6 C
New York
vendredi, août 15, 2025
Google search engine
AccueilMONDEChili: plizyè sitwayen chilyen manifeste kont migran yo

Chili: plizyè sitwayen chilyen manifeste kont migran yo

Plizyè sitwayen nan vil Iquique nan peyi Chili te rasanble dimanch 16 Janvye 2022 a pou yo manifeste kont migran ki antre nan peyi a, daprè deklarasyon yo, vag vyolans ki ogmante nan peyi a se migran yo ki responsab, selon sa VOArapòte.

Nan kad dewoulman mouvman pwotestasyon sa, te gen anpil tantativ agresyon kont yon ti gwoup imigran ki soti nan peyi Venezyela, ki te oblije al pran pwoteksyon nan men lapolis.

Fòk nou di anpil imigran ki debake nan peyi Chili, dènye ane yo, majorite nan yo soti nan peyi Venezyela, men tou gen ladan yo ki soti nan peyi d’Ayiti ak Kolonbi.

Se pa premyè fwa manifestasyon nan jan sa rive fèt. Septanm pase a, yon mouvman te fèt e yo te rive mete deyò nan vil Iquique yon santèn imigran Venezyelyen .
Pami imigran sa yo te gen fanmi ki gen timoun e yo te menm boule afè yo.

RELATED ARTICLES

Leave a reply

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

- Advertisment -
Google search engine

Most Popular

Recent Comments

Extended Opportunity sur 156CAB18-7344-45FD-9F23-77AD2B839CEF

Toutes Les Dernières Informations Du Monde Avec Passion Info Plus , Pour toute Offre promotionnelle veuiller nous Contacter.