Men kèk prensip ou dwe aplike lè gen yon tranblemanntè

1



Tranblemanntè, sa nou rele lakay nou goudougoudou a se yon fenomèn natirèl ki pa gen anyen pou wè ak lòm. Dènye jou sa yo tè a pa sispann souke kò l nan Peyi a sitou nan gransid la. Anpil moun premye reyaksyon yo se pete kouri sa konn lakoz yo viktim. Gen anpil etid ki pale sou konpòtman nou dwe adopte non sèlman nan moman sekous yo men tou aprè sekous yo.

Gen yon eslogan nou tout konnen pa bò lakay « Tranblemanntè se pa yon fatalite se pare pou n pare ». Men anpil moun toujou ap mande tèt yo kòman yo ka rive fè sa.

Kisa pou w fè pandan yon tranblemanntè fò?

Laswis se youn nan Peyi ki fè plis travay nan sa. Pi bon konpòtman ki apwopriye a depann de sitiyasyon ou twouve w ladan. Si w andedan yon kay

1) Pran refij anba yon tab ki solid.

2) Pran prekosyon ak objè ki ka tonbe (biblo, liv, mèb lou, televizyon elatriye)

3) Evite rete prè fenèt ki ka kraze.

4) Evite kouri deyò, kouri desann yon eskalye oswa pran yon asansè.

5) Li rekòmande pou kite bilding/gwo apatman an sèlman lè anviwònman an sekirize.

Deyò oswa nan machin ?

Si ou deja deyò rete la pandan w rete lwen gwo kay ki fèt an beton, pon, pilòn elektrik, gwo mi, gwo pye bwa, oswa nenpòt lòt bagay sansib ki ka tonbe. Menm bagay la tou aplike si w nan machin ou. Konpòtman ki kòrèk la se lè sa a kanpe machin ou pi vit posib san w pa soti pandan tranblemanntè a. Men konsa tou li nesesè pou kite pon yo, tinèl ak pasaj anba tè.

Pwoteksyon e preparasyon

12 Janvye 2010, 14 dawout 2021 e dènye sekous yo Ayisyen yo fè fas pi plis ak tranblemanntè. Men gen mwayen pou prepare pou fè fas a kalite evènman sa a. Pwoteksyon tranblemanntè enplike yon varyete mezi prevansyon ak preparasyon. Pi enpòtan nan sa yo se konstriksyon ki reziste tranbleman tè.

Lè w konpòte w kòrèkteman epi w pran mezi ki apwopriye yo nan ka yon tranblemanntè, ou pwoteje tèt ou ansanm ak lòt moun ki bò kote w.

CP:Reginald Louissaint/AFP



Claude Prépetit

Enjenyè-jerològ Claude Prépetit, responsab Biro Min ak Enèji ki okipe afè sismoloji nan peyi a, pa janm rate okazyon pou sansibilize sitwayen yo sou danje konstriksyon reprezante e raple Leta responsabilite l.

Enjenyè Claude Prépetit se otè tou liv « Tout savoir ou presque sur les risques naturels » ki pale sou anpil bagay nan sans sa. Daprè jerològ la, premye bagay la se kay la ki dwe byen konstui pou pwoteje w kont tranblemanntè.

“Ou ka kache anba tab, lento pòt oubyen nan kwen.Pa kouri monte eskalye, pa kouri ansanm pou evite tonbe youn sou lòt epi ranje mèb byen ak rete lwen recho nan kizin ”, se pami konpòtman nou dwe afiche daprè Claude Prépetit.

Nan plizyè entèvyou li patisipe enjenyè a fè konnen, menas yo la, yon tranblemanntè mayitid 7 ap fè anpil dega. Men tou li fè konnen gen avanse ki fèt, gen « brochure sur la construction maçonnerie chaînée » ki disponib pou moun k ap bati kay. Epi Ayiti gen rezo siveyans sismik ki la pou bay enfòmasyon lè gen sekous. CEMANAH gen yon selil ki travay sou afè sounami (Tsunami). San bliye gen lekòl ki fè egzèsis similasyon pou etidyan yo.

Un lit est recouvert de décombres à cause du tremblement de terre de magnitude 5,9, à Gros Morne, à Haïti, le 7 octobre 2018.
AP/ Dieu Nalio Chery



Konstriksyon sismik

Si meyè pwoteksyon an rete fason kay la konstui fòk nou wè de ki kalite konstriksyon n ap pale. Konstriksyon sispèk yo ofri pi bon pwoteksyon kont tranblemanntè. Risk sismik la kapab redwi siyifikativman lè yo bati nouvo konstriksyon ki imedyatman montre bon konpòtman ak bon rezistans nan tranblemanntè ak nan amelyore sekirite sismik nan bilding ki egziste yo nan okazyon yon transfòmasyon oswa asenisman, nan mezi entèvansyon sa a nesesè.

Tranblemanntè ak twomatism

Fenomèn natirèl sa lè l fin pase toujou kite tras sikolojik li lakay anpil moun, sa ki fè gen anpil moun ki konn twouve yo nan sityasyon yo di yo santi tè a ap tranble san poutan pa gen okenn goudougoudou vre. Se sa pwofesyonèl an sante mantal yo rele twomatis la. Kidonk Se pa yon konpòtman nòmal.

Seri moun ki twouve yo nan jan sityasyon sa yo dwe al wè yon pwofesyonèl an sante mantal pou ede yo fè fas ak difikilte sa yo pou evite li debouche sou lòt konpòtman ki kapab bay yon seri konsekans grav.

Aprè tranblemanntè 14 dawout 2021 an, gen kèk òganis ou asosyasyon ki nan domèn sante mantal ki te mete yo disponib pou bay sipò sikolojik ak viktim yo tankou AHPSY, ALLÔ PSY HAÏTI ki limenm toujou bay sipò sikolojik gratis anliy selon sa prezidan estrikti a Emmanuel Croimet fè nou konnen.

Sikològ la tou pwofite bay kèk konsèy moun dwe adopte sitou lè yo sou chòk aprè sekous yo.
1) chache yon espas kotew santi w an sekirite
2) Eseye rete kalm, pa panike.
3) Si w santi w sou chòk, pratike egzèsis. respirasyon(enspirasyon/ekspirasyon).
4) Konte sou prezans rezo sosyal ki nan antouraj ou.
5) Sipòte moun ki plis afekte nan antouraj ou si w santi w gen ase fòs mantal pou sa.
6) Epi kontakte yon pwofesyonèl si w santi w depase.

Goudougoudou 12 janvye 2010 mete sou sa 14 dawout 2021 an voye anpil konpriyòt ale nan peyi san chapo. Anplis 24 janvye ki sot pase a, 2 moun mouri, 52 blese plis 782 kay kraze nan yon lòt tranblemanntè ki fèt nan depatman Nip peyi a.

Nan sans sa a pou pwoteje tèt nou, nou dwe koute konsèy otorite konsène yo, espesyalis yo ak pwofesyonèl nan sante mantal yo.

1 COMMENTAIRE

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici