Seksyalite : sèks bebe a depann de papa li

0

Pandan egzistans nou, anpil sijè pike kiryozite nou. Nou tout ta renmen konprann tout bagay, se sak fè nou toujou ap tande eksplike. Ebyen èske w te konnen nan fè pitit, sèks bebe yo depann de papa ? Nou jwenn eksplikasyon sou kesyon sa nan yon tèks ki pibliye sou paj Fesbouk Nurse Clara Guillaume.

Pou konprann eksplikasyon sa yo li mande pou byen li, pandan w ap tounen nan biyoloji. Ebyen se pa volonte papa pou sèks bebe a depann de li, men sa pito gen lyen avèk kwomozom li.

Selon sa k ekri nan tèks enfimyè Clara Guillaume lan, depi nan fegondasyon an, sèks bebe yo detèmine. Manman bebe a gen ovil ki dispoze de yon kwomozom seksyèl « X » sèlman. Poutan, papa menm gen espèmatozoyid li ki dispoze de kwomozom tip « X » oswa « Y ».

Nan sans sa, manman ak papa bebe a dwe bay yo chak yon kwomozom, manman gen « XX » epi papa gen « XY ».

Chak paran ap bay bebe a yon kwomozom. Manman gen yon sèl posibilite, se bay « X » paske se « XX » li gen. Bò kote pa l, papa ka bay swa « X » oubyen « Y », paske li gen « XY ». Kidonk fòmil pa gason an pati konsa: 44+XY, pou fi a, li se 44+XX.

Se lè kwomozom sa yo fin rankontre, sa manman bay la ak sa papa bay la, sèks bebe a pral detèmine. Rezilta ap soti konsa : « XY » ap bay gason epi « XX » ap bay fi.

Kidonk depi manman fin bay kwomozom « X » li a (apati ovil li), si papa bay « X » (a pati espèmatozoyid li) tou ap vin gen « XX », se ap yon tifi. Men, si papa bay « Y » pito, ap vin gen « XY », sa k ap bay yon ti gason.

An konklizyon, sa pou n konprann. Lè ovil fi a ak espèmatozoyid gason an rankontre pou yo fegonde se depi la sèks timoun nan tou defini.

Nan yon sosyete ki fin ravaje ak mit mele ak mès tout kalite, eksplikasyon sa yo enpòtan pou ede sove fwaye. Donk, yon gason pa oblije kite madanm li pou al fè pitit deyò, pou chache pitit fi oswa gason. Se pa madanm lan ki pwoblèm lan, se jis yon kesyon biyolojik ki lye ant ovil ak espèmatozoyid.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici