Sitiyasyon peyi a kontinye ap degrade plis chak jou ki pase, anpil sitwayen sitou jèn yo oblije kite peyi a. An Ayiti pati paka tann. Pwogram Biden nan parèt pa sifi pou fè pase kantite moun ki vle ale kay tonton Sam, jounen jodi a pasaj la se Nikaragwa pou tonbe sou fwontyè Meksik jis rive Etazini. Lajan nan dlo pou yon pari riske.
Se foul moun, jèn an majorite, ki reyini chak jou nan Ayopò entènasyonal Tousen Louvèti pou ale Nikaragwa. Nan sousi pou konnen kisa reyalite a ye vrèman, redaksyon Passion Info Plus te mennen pwòp ankèt li.
“ Pou moun nan al Nikaragwa, l ap bezwen gen paspò li ak 2 bout foto. Aprè sa fòk li gen otorizasyon vwayaj, tès Kowona ak tès fyèv jòn ”, se sa Sébastien, responsab yon ajans vwayaj fè nou konnen. Pou kesyon lajan an, pri a konn varye ant 2 500 pou rive 3 500 dola Ameriken. Se ajans ki jere kesyon vòl Ayiti-Nikaragwa, se sa li ajoute.
Pou zafè otorizasyon vwayaj la, moun lan gen yon fòmilè anliy pou li ranpli, pou sa l ap jwenn èd ajans la. Epi aprè depi moun nan gen tès Kowona ak fyèv jòn li ka al achte tikè avyon an nan Sunrise. Se konpayi a tou k ap finalize kesyon otorizasyon vwayaj la, pawòl Jackson ki li menm tou enplike nan kesyon òganize vwayaj Sa yo.
Valè lajan 2 500 rive 3 500 dola se pou vwayaj la. Sa rive gen ajans vwayaj ki pran 2 500 dola epi ki jis lage moun nan Nikaragwa. Konsa gen lòt ajans ki pran 3 000 pou rive 3500 dola pou sòti Ayiti ak moun nan pou rive Nikaragwa epi fè demach pou moun sa rive Meksik sou menm kòb la, selon enfòmasyon nou rive konpile nan men diferan sitwayen ki òganize kesyon vwayaj sa yo.
“ Nòmalman gen risk. Pa egzanp, gen ajans lè yo rive Nikaragwa ak moun nan yo peye otèl pou li pou moman eskal li ki ka dire yon jou pou rive 5 jou. Epi aprè fè demach pou moun nan rive jis sou fwontyè Meksik ak Etazini. Konsa tou, gen ajans ki jis rive Nikaragwa ak moun nan epi l lage l nan men yon pasè pou jere rès suivi yo. Lè konsa, yo konn kidnape moun yo, vyole medam yo, vòlè tout afè yo e konn genyen ki mouri ”, selon konfidans Sébastien.
Toutfwa, si n ka kwè diferan deklarasyon responsab ajans sa yo, nan kad vwayaj yo òganize, lè moun yo rive Nikaragwa travèse pou al Meksik la pa fèt apye. Men pito nan machin kontrebann. Yo gen kontak yo peye sòti 500 pou rive 1 000 dola Ameriken pou pran moun yo sòti Nikaragwa mennen yo jis sou fwontyè ant Meksik ak Etazini. Sa ka rive tou vwayaj la pa abouti, gen posibilite pou tout bagay deraye.
Souvan depi moun yo rive Meksik yo pa sou responsabilite ajans yo ankò, se yo ki dwe debwouye yo pou konn kòman y ap fè janbe fwontyè Etazini, peyi ki vin reprezante yon Paradi pi plis chak jou ki pase pou anpil moun k ap viv nan peyi ki nan difikilte, tankou Ayiti.
Kay tonton Sam, yon paradi pou anpil noun
Anpil sitwayen, sitou jèn, nou te pale nan kad dosye sa fè n konnen jan peyi a ye la yo pa gen lòt chwa aprè lage pye yo. Gen yon gran pousantaj nan yo ki deklare menm lè yo fè yon tan nan yon lòt peyi, vrè objektif yo se rive Etazini.
“ Se pa fòseman yon kesyon paradi. Mwen panse jounen jodi a pa gen okenn chwa pou yon moun rete viv Ayiti ankò. Olye pou moun lan mouri ak grangou nan peyi a oubyen pou yo kidnape l oubyen pran bal mawon li pito eseye fè yon chwa ki difisil pran yon wout ki danjere anpil epi pa menm konn sa k ap tann li kote l prale a ”, deklarasyon Nathalie, yon jèn ki rive nan senkyèm ane medsin, ki malgre tou, deside lanse l nan lojik pati paka tann nan.
“ Etazini pa paradi jan anpil moun pran l la. Se yon kote ou al fè esklav modèn. Pase 3, 4 jou ap travay epi w ap depanse yo. Men se pito yon peyi ak mwayen ou touche lè w fin travay ou kapab eksplore anpil bèl bagay. Paradi vle di repo. Nan Etazini, pa gen chita gade se bourike pou w reyalize sa w swete yo ”, sa jèn sila te kontinye pou di, pandan l deklare ak tout regrè si l p ap vin yon gwo medsin se Ayiti ki lakoz.
Ayisyen paka rete Ayiti
Pati paka tann. Peyi a vin pi envivab chak jou ki pase, e rezon pou eksplike sitiyasyon sa anpil epi melanje ak konfizyon. Yon kondisyon deplorab ki pouse pitit peyi a lage pye yo nenpòt jan sa ye.
Sou pwen sa, nou te pale ak yon jèn jounalis avize. Lè n te mande l kòm jèn ayisyen ak ki panse l ap gade moun k ap kite peyi a, li di nou : “ Lè m ap gade sitiyasyon sa mwen di tèt mwen pa gen espwa ankò. Nan jenerasyon k ap vini apre yo nou ka paka pale sou Ayiti ankò. Sa k ap pase jounen jodi a devan je n se tankou se yon konplo pou yo pran ti bout tè sa. Petèt nan yon syèk ankò ou pi plis kantite ayisyen ap minim sou teritwa sila.”
Anplis, konfrè ak tristès di nou jounen jodi a pa gen okenn mo konvenkan ou kapab di yon moun pou l pa lage pye l. Tout jèn ki avize gen lide lage pye dèyè tèt yo menmsi yo pa p avwe nenpòt moun sa. Sa fè pito moun nan fè yon chwa ki petèt ka ba l espwa. “ Gen anpil moun k ap avwe yo regrèt yo pa t ale Chili ak Brezil lè l te anvòg ”, sa li di nou.
Li te pwofite echanj nou pou l konseye ak tout moun ki deside kite peyi a, depi yo kite tè pa yo fòk yo konnen yo pwal sibi anpil bagay negatif sitou se nwa yo ye. Se fè plan pou 5-10 lane pou yo gade kisa yo kapab reyalize paske peyi moun pa peyi w. Konnen poukisa ou deplase.
Fòk nou di peyi Meksik siyen vandredi 22 septanm nan yon akò avèk Etazini pou retounen lakay yo tout migran kap eseye travèse fwontyè yo ilegal. Selon sa chèn ameriken CNN rapòte, Otorite meksiken yo, sòti premye janvye pou rive mwa septanm 2023 a, depòte plis pase 788 000 moun, pami yo anpil Ayisyen.
(Jackson ak Sébastien se non fiktif)
File d’attente à l’entrée des points d’enregistrement de l’aéroport international Toussaint Louverture/©️ Lesly Dorcin/Le Nouvelliste