DriD Antrepriz selebre jounen lang ak kilti Kreyòl la ak plizyè timoun epi konferans sou istwa

0

DriD Antrepriz ak estaf Jeni DriD te òganize yè samdi 28 oktòb la premye edisyon aktivite « Lang nou, Kilti nou, Fyète nou » pou make selebrasyon jounen entènasyonal lang ak kilti Kreyòl la. Ekriven Illeus Papillon te entèvni sou tematik Istwa ak enpòtans lang Kreyòl ayisyen an.


Aktivite sa ki te dewoule nan sant akèy FEJI, Dèlma 33, te divize an 2 pati. Nan pati konferans la, powèt Illeus Papillon te mete aksan sou kontèks istorik ak sosyal lang kreyòl ayisyen an, melanje ak tout batay ki mennen pou lang sa rete egziste jiskaprezan.

Li pat rate okazyon pou pale sou enpòtans sa genyen pou n respekte lang kreyòl la, ki se mak fabrik Ayisyen.


Nan dezyèm pati aktivite a ki te rezève ak animasyon kiltirèl, timoun nan sant FEJI yo te jwenn okazyon pou bay plizyè prestasyon sou divès aspè tankou, pwoteksyon anviwònman, enklizyon ak lòt ankò.


Konsa tou, te gen yon pati jwèt epelasyon mo kreyòl, jwèt tradisyonèl tankou, oslè, kat, marèl, tire kont, damye, sote kòd ak lòt ankò, san bliye pati ekspozisyon ak degistasyon manje lakay tankou, soup joumou, tchaka, diri sòs pwa ak legim.


Aktivite sila te òganize nan objektif pou ankadre timoun yo ak jèn yo epi mete aksan sou kapasite entèlektyèl yo sou lang kreyòl la, ogmante vokabilè kreyòl yo e amelyore imaj lang la ak popilarize potansyèl yo. Responsab yo kase randevou lòt ane pou yon dezyèm edisyon.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici