Jounen lang Kreyòl : Akademi Kreyòl Ayisyen an raple fonksyon inifikatè lang sa jwe pou bay nou endepandans

0

Jodi samdi 28 oktòb la make selebrasyon jounen lang Kreyòl, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) pa rate okazyon pou fè lwanj pou lang sa ki ini nou nenpòt kote n twouve n nan mond la epi pwofite anonse pwojè li yo.


Nan kominike li a, AKA pran tan pou li raple lang kreyòl, premye senbòl idantite nou, Ayisyen, kòm pèp, se yon zouti kominikasyon plizyè milyon moun nan peyi Ayiti itilize. Li toujou jwe yon wòl pwennfèpa nan tout dinamik sosyal ki vize yon alemye pou pèp ayisyen an.

“ Lang kreyòl la, se tankou yon rezèvwa fòs ak enèji ki toujou akonpanye pèp la nan tout mouvman chanjman ki anbrase byennèt ak diyite moun an jeneral. Youn nan pi bèl egzanp nou ka rale mete sou tapi a se fonksyon inifikatè oubyen wòl “siman sosyal” lang sa a jwe nan tout peripesi zansèt nou yo te kwaze sou chemen yo, nan batay yo t ap mennen pou yo te kapab demantibile kolonizasyon ak lesklavaj epi brandi flanbo libète an gran jan 1e janvye 1804, nan vil Gonayiv ”, sa nou li nan kominike sila.


Toujou nan sans sa, jounen jodi a, nan okazyon 40èm selebrasyon “Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl” , Akademi Kreyòl Ayisyen di li santi ankò nesesite pou li raple wòl fondamantal lang kreyòl la dwe toujou jwe si nou deside ba li plas li merite nan dinamik tout aksyon ak diskou ki vize devlòpman ak pwogrè.


“Lang kreyòl: yon zouti devlòpman dirab” se tèm enstitisyon an chwazi pou selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl 2023 a. Pou gen devlòpman dirab, lang ak kilti popilasyon an dwe vin premye pyon aksyon devlòpman an, yon fason pou li kapab patisipe nan pwosesis devlòpman an, daprè akademisyen yo.


Anplis, nan okazyon selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl 2023 a, Akademi an raple li prezante ofisyèlman “Dezyèm Rezolisyon” sou òtograf lang kreyòl ayisyen an. Se yon Dezyèm Rezolisyon ki mete disponib yon zouti ki pou akonpanye tout pwodiktè, tout kreyatè, tout itilizatè lang la an jeneral nan kad jefò k ap fèt pou nou pi byen ekri lang nou, pi byen itilize li pou li kontinye franchi boulva lasyans ak literati an penpan.


AKA anonse tou, ane sa a menm, li genyen pou li lanse yon Gran Pri literè ak Etid syantifik ki pwojte rekonpanse epi ankouraje pwodiksyon syantifik ak pwodiksyon literè Ayisyen nan lang kreyòl ayisyen. San bliye, pou ane 2024 la k ap mennen dizyèm anivèsè enstalasyon premye Akademisyen yo, AKA prevwa òganize dis (10) mwa aktivite nan dis (10) Depatman jewografik peyi a, nan Dyaspora a. “ Se yon gwo chantye, men avèk sipò tout patnè nou yo li ap rive. Pou lang kreyòl la, ki se yon byen komen ki marande tout Ayisyen, pa gen sakrifis ki twò gran “, pawòl responsab yo.

Nan kad aktivite selebrasyon jounen lang ak kilti Kreyòl manm AKA yo te òganize, otèl Marriott, jedi 26 Oktòb 2023/©️ Marckinson Pierre/ Ticket Magazine

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici