Pwodiksyon nasyonal : anpil elèv lekòl enplike nan agrikilti epi patisipe nan bay manje pou kantin eskolè

0

Ministè Ledikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl angaje li nan yon kanpay pou sipòte pwodiksyon lokal la. Nan sans sa, responsab yo deplase al kontre elèv lekòl ki enplike yo nan travay latè epi ede yo vann pwodui yo e menm itilize yo nan kad pwogram kantin eskolè.


“ Nouvo politik nasyonal kantin eskolè mande tout patnè nasyonal ak entènasyonal achte pwodiksyon lokal peyizan, koperativ, agwobiznis, pwodiksyon jaden eskolè ak pwodiksyon elèv pwochen Lise Teknik agrikòl yo ”, se sa Minis Nesmy Manigat te di aprè vizit li nan sant resepsyon pwodui lokal Fondènèg, depatman NIP. Espas sa Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ap jere bay 52 lekòl manje 100% lokal nan depatman sila.


Toujou nan kesyon sa ki konsène pwodiksyon nasyonal, Wendjinie Daveca JOSEPH, elèv kay Mè Sen Michèl, nan plèn Abraham, nan depatman NIP, se pami elèv ki pwodui e transfòme pwòp diri li epi bay manje nan kantin eskolè lekòl li.


Selon responsab edikasyon yo, adolesant sa kòmanse avan elèv pwochen Lise Teknik Agrikòl yo ki pral pwodui epi vann manje nan pwogram nasyonal kantin eskolè. Pwogram Alimantè Mondyal, ki se youn nan gwo sipòte pwojè sa, deja achte 100% manje lokal nan NIP. Bank Entè-Amerikèn Devlopman sipòte politik sa tou.


Responsab Ministè yo kwè si depi alabaz yo te aprann timoun yo konn enpòtans pwodiksyon nasyonal, aprann yo plante latè, jounen jodi a nou pa t ap soukont okenn lòt peyi pou bay nou manje.


Toujou pou pouse politik agrikòl sa, Ministè a pran angajman pou louvri Lise Teknik Agrikòl, sa ki antre nan Seri Syans Lavi ak Latè (SVT) ki nan pwogram nouvo segondè a.


Mwa Oktòb la, Ministè edikasyon lanse premye faz chantye reyabilitasyon yon ansyen batiman pou akeyi nouvo Lise Teknik agrikòl nan KANS, Kanperen. Espas sa pral pare pou resevwa elèv nan vwazinay Okay ak elèv deplase Pòtoprens yo. Avan sa ,pou n raple, se nan mwa me pase a responsab yo te inogire premye Lise Teknik Agrikòl la nan peyi a, nan Titwou-de-Nip.

Visit Minis Ledikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat mwa septanm pase a nan Sant resepsyon pwodui lokal nan Fondènèg/©️Videyo : sou paj Fesbouk minis la


Se plizyè enstitisyon lokal kou entènasyonal ki sipòte pwojè sa anba tèm “ Pwodui Peyi, Kantin Peyi”. Pami patnè sa yo gen Bank Mondyal, Pwogram Alimantè Mondyal. Nan yon moman nou pa sispann fè deba sou kesyon pwodiksyon nasyonal, nouvo Politik ki se Estrateji Nasyonal Alimantasyon Eskolè priyorize manje lakay.


Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral, Ministè Sante Piblik Ak Popilasyon, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl epi melanje ak Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè se pami enstitisyon piblik ki angaje nan pwojè sila.


Vandredi 13 oktòb a, Minis Ledikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat, te anonse 30 000 elèv Nòdès ak Nò pral benefisye manje ki pwodui nan depatman sa yo atravè yon nouvo pwojè Pwogram Alimantè Mondyal pral egzekite. Minis la ki se prezidan tou komisyon finans Patenarya Mondyal pou Edikasyon, presize òganizasyon sa bay 19 milyon dola pou pwojè sa e lajan sa pral ede mete plis kantin eskolè nan peyi a ak manje lokal.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici