Angletè : anpil sitwayen gade sèlman « Pònografi » nan lè travay, daprè yon etid

0

Nan peyi Angletè (Wayòm-Ini), anpil entènot vizite sit ki rezève pou adilt yo, men anpil fwa moun sa yo konekte se nan mitan lajounen, pandan lè travay (lè biwo). Daprè yon etid, se sit pònografi anpil Britanik sa yo vizite pou al distrè yo.

Etid sa se « Ofcom », ki se yon regilatè telekominikasyon nan Wayòm-Ini, ki reyalize l. Nan done yo kolekte, yo dekouvri Britanik yo konsome anpil kontni ki gen awè ak pònografi.

Daprè Ofcom, 29 % sitwayen sa yo ki depase laj 18 lane konsome videyo pònografi. Pousantaj sa evalye a 13,8 milyon Britanik kote majorite nan yo (73 %) se gason. Men sa ki atire atansyon, moun sa yo se nan lè biwo yo distrè yo nan kontni sa yo.

“ Pi gwo trafik sou sit sa yo fèt nan mitan jounen an. Vizit yo pi plis fèt sòti 9è nan maten pou rive 6è aprèmidi. Pandan lè sa, 21 % popilasyon an, adilt yo, yo monte sou sit ki rezève ak bagay pou granmoun. Sa ki vle di yon pèsòn sou 5, pandan lè biwo yo, konsilte sit pònografi”, sa etid la revele.

Lè li bonè nan maten ak lè l kòmanse fè ta nan aswè, sitwayen Wayòm-Ini yo pa negosye ti videyo sila yo.

Pou founisè kontni sa yo, Britanik yo plis itilize sit « Pornhub ». Daprè yon rapò sit sa te sòti an 2022, Angletè se dezyèm peyi ki plis itilize sit sila, dèyè Etazini ki premye.

FOTO : RADIO-CANADA / ALTHEA MANASAN

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici