Si yo pa vann Tiktok nan 12 pwochen mwa yo, y ap entèdi l Etazini

0

Otorite ameriken yo kontinye ap mete presyon sou responsab rezo sosyal Tiktok yo. Jodi mèkredi a, prezidan Joe Biden siyen yon lwa ki prevwa entèdi Tiktok Etazini.

Depite yo te deja vote lwa sa a samdi pase a e Senatè yo adopte l yè madi a. Nan lwa sa, gouvènman ameriken an bay responsab Tiktok yo anviwon 12 mwa pou yo koupe tout lyen yo genyen ak konpayi ki kreye aplikasyon an ki se ByteDance, sa vle di Lachin.

Responsab yo, selon sa lwa sa mande, dwe vann aplikasyon an bay yon lòt antrepriz ki pa gen pyès lwen ak peyi Lachin. Si sa pa fèt nan delè 12 mwa yo bay la, rezo sosyal la ap entèdi sou sòl ameriken an.

Gouvènman Etazini an akize rezo sosyal Tiktok kòmkwa li se yon zouti peyi Lachin itilize pou espyone ak manipile 170 000 000 moun ki se itilizatè aplikasyon an Etazini.

Piblisite, PIP

N ap prezise, responsab Tiktok yo anonse y ap pote dosye a devan lajistis. Daprè yo, sa yo akize yo a pa gen anyen pou wè ak laverite.

Deja, gen plizyè Eta ameriken ak gouvènman federal la, antite nan Inyon Ewopeyèn, Kanada, Nouvèl-Zeland, Ostrali, Lafrans, Taywann ak lòt ankò entèdi itilizasyon aplikasyon Tiktok sou aparèy ofisyèl yo, paske yo di gen risk pou sekirite nasyonal. Epi tou, gen plizyè peyi nan mond la tankou End, Afganistan, Pakistan, Jòdani, Nepal, ki deja entèdi itilizasyon Tiktok lakay yo, toujou pou rezo sekirite ki lye ak espyonaj chinwa.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici