Ajan DAP yo abandone prizon sivil Kwadèboukè a, FJKL atire atansyon otorite yo sou eta kritik prizonye yo

0



Pi fò ajan Direksyon Admistrasyon Penitansyè (DAP) ki afekte nan prizon sivil Kwadèboukè pa vin nan pòs yo, daprè sa Fondasyon Je Klere fè konnen nan yon nòt li soti 3 fevriye 2022 a. Prizonye yo k ap sibi sitiyasyon sa lanse anpil apèl dezolasyon, nan sans sa Fondasyon an lanse yon SOS pou otorite Leta yo.

Daprè FJKL abandon prizon an gen anpil konsekans. “ Prizonye k ap jere lòt prizonye. Lè fanmiy pote manje pou prizonye pa gen ajan pou resevwa l, manje sa yo oblije tounen pandan prizonye ap soufri grangou. Se prizonye k ap jere kuizin prizon an, lè yo deside fè manje, yo vann plat manje yo 200 goud. Pa gen dlo pou prizonye sèvi, galon dlo trete ap vann 375 rive 500 goud.” sa nou li nan nòt la.

Sitiyasyon an katastrofik nan selil yo, bokit prizonye yo fè bezwen yo konn pase yon semènn e plen debòde, akoz selil yo pa ouvri. Movè lodè ak bèt ki kale anndan selil yo fè vi prizonye yo tounen yon lanfè. Enfimri pa ouvri, prizonye paka jwenn medikaman e menm fanmiy paka pote, pa gen vizit. San bliye nan moman ti grip la ak ti fyèv la ap fwape fò anndan.

Gen yon efektif 1030 moun ki fèmen anndan kote gen 324 sèlman ki kondane, daprè FJKL. Sou papye, gen 109 ajan Direksyon Admistrasyon Penitansyè ki afekte nan prizon an. Pou rive 3 fevriye a, Fondasyon an ka pale de prezans 2 ajan ki sou tèt Miradò yo sèlman.

FJKL mande Enspeksyon Jeneral lapolis la fouye je pou konn sa ki lakoz ajan yo kite prizon an. Yon lòt kote idantifye ajan ki kite Peyi a ki kontinye ap resevwa chèk yo. Fondasyon an mande DAP pou mete yon ekip sou pye pou kontwole kòb frè, gaz ak manje k ap livre nan prizon an.
Pou fini yo mande pou Direksyon PNH la pran mezi pou garanti sekirite tout prizonye ki anndan prizon an.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici