Doubay Porta Potty: “Ki pi gwo pwoblèm nan? Mwen sèlman kouche ak chen, mwen pa touye pèsonn”

1

Nan yon videyo k ap fè anpil pale sou enstagram ak tiktòk, yon jèn fanm revele kèk pratik plizyè efliyansè afrikèn ap fè pou yo ka gen lajan nan vil Doubay. Kote yo fè sèks ak zannimo(zowofili), yo bay plezi seksyèl ak poupou (edkatofili)… Depi lè a, yon sèl eskandal pete sou tout rezo sosyal yo kote gen kèk enfliyansè ki soti nan silans yo swa pou yo konfime aklè pratik sila swa pou demanti enfòmasyon an.

Fè bèl foto nan avyon prive, bèl foto nan dezè, nan swit… pou fè wè y ap mennen yon bèl vi Doubay poutan jèn fi a montre lekontrè nan videyo a.

Li revele ki jan limenm tou te oblije soumèt ak pi move imajinasyon moun rich Arabi, chèf vil majestic Doubay genyen. Jèn fi sa endike nan videyo a li te jwe wòl Porta Potty nan vil Doubay

Porta Potty a vle di twalèt mobil.Li refere a yon seri pratik anpil enfliyansè ak lòt jèn fanm fè an echanj pou lajan oswa kado. Li trè degoutan, paske fanm sa yo kite gason nan peyi arab yo ki gen anpil lajan fè bezwen yo (pipi ak twalèt )sou figi yo, nan bouch yo, an echanj y ap gen bèl valiz ki alamòd, soulye ak lòt bagay ki gen valè.

Zafè Porta Potty a fè anpil pale sou TikTòk ak Twitè pandan semèn ki sot pase a sitou ak plizyè revelasyon ki parèt chokan pou kèk itilizatè medya sosyal yo te fè. Pami youn nan videyo ki tap sikile yo, yon enfliyansè admèt li byen apresye fè bagay ak bèt.

Pwiske nan fen misyon sa , medam sa yo jwenn rekonpans gras ak yon mago ki sòti nan $15,0000 jiska $20,000 daprè kèk temwayaj.

Eskrinchòt videyo kote yon tiktòkè Veegodess ap eksplike kòman li te viv eksperyans la.

Se konsa yon itilizatè TikTòk ki rele Veegodess pandan li te soti jis pou l te fè yon vwayaj sou lanmè te wè nan yon videyo viral kote yo tap di li te dòmi ak yon chen pou 1.7 milyon nairas, li te konfime sa epi li te di se pa yon bagay ki mal li te fè. Dapre li, kontrèman ak sa moun panse nan dòmi ak yon chen, li pa janm te malad.

“Ki pi gwo pwoblèm nan? Mwen sèlman kouche ak chen, mwen pa touye pèsonn. Ou menm, nan lavi ou, ou te fè pi mal, nan chemen an, ou janm wè 1.7 milyon naira? Tankou se te yon gwo zafè. Epi remake mwen pa enfekte oswa anyen. Pa mouri pou sa, mwen sèvi ak lajan an” se repons sa menm enfliyansè te bay lè anpil moun te vle jije l pou aksyon sa li te fè a.

Sanble se pa sèl fanm ki lage nan pratik sa, gen enfòmasyon ki ta vle fè kwè gen gason ladan l tou.Men nouvèl yo plis baze sou fanm yo.

1 COMMENTAIRE

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici