Drid antrepriz mete sou pye premye edisyon konkou «Jeni Drid» sou epelasyon mo kreyòl

0

Nan yon konferans pou laprès, Derica Drianca, PDJ « DriD Antrepriz» anonse lansman premye edisyon konkou JENI DRID M AP EPLE MO KREYÒL antrepriz li a mete sou pye. Konkou sila a ap dewoule nan banj anba tèm « Lang mwen se orijin mwen » ak anba eslogan « Lang mwen se fyète mwen ».

« Jeni Drid se yon konkou epelasyon mo kreyòl ki pral pèmèt timoun yo fè konesans avèk vokabilè kreyòl, konnen enpòtans kreyòl ak vann imaj kreyòl la yon lòt jan nan sosyete a», deklarasyon inisyatè Jeni Drid la, Derica Drianca ki souliye yon lòt kote konkou ap fèt anba tèm « Lang mwen se orijin mwen » ak anba eslogan « Lang mwen se fyète mwen ».

Aktivite sila ap fèt nan banj.« Enskrispyon an se 1000 goud. Timoun k ap kapab patisipe nan konkou a dwe gen pou piti 8 lane e pou pi plis 15 lane,» eksplikasyon PDJ Drid Antrepriz la. « Rezilta nou ap tann de pwojè sa se fomè yon pakèt modèl pou lòt moun, chanje pèsepsyon ayisyen sou lang kreyòl la…», rapousib Derice Drianca.

Madam Derice nan limyè li pote ajoute dat enskripsyon konkou a ap fini 10 jiyè.«’ Limit nou nan enskripsyon an se 50 timoun ki elijib pou patisipe nan konkou a. N ap fè anviwon 5 seyans avèk timoun sa yo kote yo ap benefisye twa fòmasyon», souliye inisyatris Jeni Drid la ki ajoute premye fòmasyon an se ap « istwa ak enpòtans lang kreyòl nan endepandans peyi nou », dezyèm fòmasyon an se ap «gramè, fonetik, fonèm, vokabilè» e twazyèm fòmasyon an se fè yon evalyasyon ak timoun nan lide pou ede yo konprann bann chemen ki gen nan epelasyon an.

« Epelasyon mo kreyòl pa menm ak epelasyon mo fransè. N ap fè lansman konkou a, premye seyans nou ki ap 22 jiyè, n ap fè dezyèm, twazyèm, katryèm seyans e seksyèm seyans la se ap final k ap 19 dawout», pawòl Derica Drianca.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici