Lafrans : yon anplwaye ayopò Pwasi riske pran 5 lane prizon pou yon vye blag nan yon avyon

0

Se pa tout blag k ap fè moun griyen dan, sitou sa k ap met moun nan enkyetid. 14 jiyè pase a, yon ajan enterimè soufle yon blag sou teworis nan zòrèy yon pasaje nan yon avyon Air France. Sa ki pouse konpayi a anile vòl la men sa koute l 550 mil ewo. Plezanten an li menm riske 5 lane prizon e peye 18 mil ewo kòm amann. Se sa BFM TV rapòte.

“Fè atansyon, gen yon teworis nan avyon an”, se sa anplwaye ayopò Poissy a di yon jèn pasajè. Pasajè sa limenm ki pa nan zafè blag, chouchoute nan zòrèy paran li pawòl la, paran l al di ajan nan avyon yo sa.

Lapolis fin fè verifikasyon, konpayi a deside repòte vòl la pou nan demen e li fè konnen tou ” pat genyen okenn menas reyèl vre lè enspeksyon an”.

Ajan an fè konnen se yon blag li t ap fè li pat fè sa pou te nui pyès moun. Men sa pat anpeche konpayi a pote plent kont li puiske anilasyon vòl la koute l 550 mil ewo. Blagè a riske 5 lane prizon e peye 18 mil ewo kòm amann.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici