Mouvman pwotestasyon: MENFP anonse li transfere kèk sant egzamen nan Pòtoprens

0

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon kominike pou laprès li mete deyò nan apremidi 30 jen an, anonse popilasyon an jeneral, kandida bakaloreya, sipèvizè, siveyan yo, Direksyon depatmantal edikasyon lwès pran desizyon pou deplase kèk sant egzamen nan Pòtoprens.

Desizyon sa vini aprè pil pwotestasyon ki gen nan kapital la aprè arestasyon Ezéchiel Alexandre ki gen ti non Ze kote kèk moun nan mitan popilasyon an toujou ap mobilize pou mande liberasyon endividi a ki gen gwo akizasyon lapolis ki tonbe sou tèt li.

Nan sans sa a, nan pi piti pase 24è avan dewouleman egzamen Leta bakaloreya yo, Direksyon depatmantal edikasyon lwès pran desizyon deplase kèk san egzamen nan Pòtoprens.«1- Sant egzamen ki ta pral nan lise Jan Jak Desalin nan transfere nan kolèj Sen Lwi ki chita kò l nan Boudon; 2- Sant egzamen ki ta pral nan lekòl nasyonal Repiblik Paragwey la transfere nan kolèj Sen Lwi ki chita kò l nan Boudon; 3- Sant egzamen ki ta pral nan lekòl nasyonal Repiblik Brezil la transfere nan kolèj Jean Price Mars ki nan zòn Lali; 4- Sant egzamen ki ta pral nan enstitisyon Notre -Dame de Lourdes la transfere nan lekòl nasyonal Repiblik Etazini zòn bwa patat nan Kanapavè », ekri nan kominike a.

Egzamen sa ap dewoule soti vandredi 1e jiyè pou bout mèkredi 6 jiyè 2022 k ap vini la.

N ap raple, senmenn pase , anpil elèv 9em ane fondamantal nan Tòsèl, Pènye ak lòt zòn ankò pat ka deplase pou al konpoze akoz endividi ak zam t ap miltipliye kout bal agòch adwat.

Jackson Junior RINVIL

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici