Dòmi tousuit aprè ou fin manje ka danjere pou sante ou

0

Li nòmal pou ou santi w gen dòmi aprè ou fin manje. Santiman fatig sa se akòz diferan faktè, tankou kantite ak kalite manje w ap konsome epi nivo aktivite fizik ou. Konsa tou, li enpòtan pou w konprann konsekans dòmi aprè ou fin manje ka genyen sou sante w.

Santi ou anvi dòmi an se yon fenomèn ki pa etranje nan pwosesis dijestif la. Daprè Doctissimo, yon sit entènèt ki pale sou koze nitrisyon, lè ou manje, kò ou ogmante pwodiksyon ensilin pou ede absòbe eleman nitritif nan manje. Sa ka mennen fenomèn ki rele « hypoglycémie », sa nou rele an kreyòl sik nou ba, ki ka fè ou fatige. Anplis, manje ki gen anpil idrat kabòn tankou diri, fwi, legim, pen, pòmdetè, elatriye ak manje ki gen anpil grès pran plis tan pou dijere, sa ki ka fè ou anvi dòmi.

Lè w ap fè dijesyon ou itilize an mwayèn 10% enèji ou genyen pandan jounen an. Moulen, vale, absòbe ak trete eleman nitritif yo se yon bagay ki konsome anpil enèji, ki diminye enèji lakay nou aprè ou fin manje.

Plis manje an lou se plis dijesyon an pran plis tan. Lè sa li vin akonpaye fatig, fè ou anvi domi.

Daprè sit entènèt Lavilab, dòmi aprè w fin manje ka mennen nan pran pwa ak pwoblèm dijestif si manje a pa dijere byen.
Dòmi aprè ou fin manje ka diminye nan somèy ou, ogmante risk pou ou gen asid ak lestomak boule, epi lakòz nivo sik nan san an vin wo pou moun ki dyabètik. Li ka lakòz tou fatig ak somnolans pandan jounen an.

Kòman evite konplikasyon

Toutfwa, gen kèk konpòtman ou ka afiche pou w evite gen pwoblèm dijestif epi pou ou ka dòmi anpè. Ou ka tann pou pi piti dezèdtan aprè ou fin manje pou w ale nan kabann.

Espesyalis yo tou konseye pou nou evite manje lou ak anpil grès avan n dòmi. Manje pi piti, pi souvan manje pa pòsyon pandan jounen an.

Li bon pou n evite manje pike, evite bwason ki gen alkòl ak bwason gazez avan n dòmi. Lè nou dòmi sou bò gòch, sa ede n gen yon pi bon dijesyon.

San bliye, kenbe yon vi aktif ak fè egzèsis regilyèman ka ede n kontwole dijesyon epi kenbe yon pwa nòmal ki ap fè n an bòn sante.

Synda Dolce

Crédit photo: ISTOCK

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici