Gen plizyè mwayen pou pwoteje tèt ou kont gwo vag chalè

0

Gwo vag chalè se yon fenomèn meteyowolojik ki ka gen konsekans grav sou sante moun. Dènye tan sa yo, nou temwen an Ayiti yon ogmantasyon nan tanperati a kote chalè a pase nan yon nivo ekstrèm. Gen danje nan sa e gen mwayen pou n pwoteje tèt nou.

Daprè yon dènye rapò Òganizasyon Mondyal Meteyowolojik pibliye, li trè posib pou nan senk ane k ap vini yo pou li fè pi cho sou planèt la. Nivo mwayèn tanperati anyèl sou sifas tè a ka depase nivo pre-endistriyèl yo pa plis pase 1.5 °C pou omwen youn nan senk ane kap vini yo. Malgre sa pa vle di li pral rete pèmanan.

Efè chalè sou sante nou

Efè gwo chalè sou sante nou ka gen ladan : fatig, kranp nan kèk pati nan kò nou, gratèl, tèt fè mal ak lòt ankò.

Gwo vag chalè sa yo rale dèyè yo anpil pwoblèm pou sante imen yo, pa etone n si n wè gen moun k ap di yo gen kè plen epi y ap vomi, selon Doktè Jean Paul Job, ki gen klinik li nan kapital la.

Fas ak konsekans yo, kategori ki gen plis risk yo se moun aje, timoun, fanm ansent ak moun ki gen maladi kwonik.

Konpòtman pou n genyen

Li enpòtan pou n pa ekspoze nan solèy la pandan yon peryòd tan ki long, pa fè egzèsis fizik difisil, pa bwè alkòl oswa bwason ki gen anpil sik ladan, pa kite timoun yo nan yon machin ki estasyone epi pa inyore siy dezidratasyon yo.

Li enpòtan tou pou n pa inyore nenpòt sentòm malèz epi chèche èd medikal si sa nesesè.

Rete idrate, mete rad lejè epi repoze nan yon kote ki fre, ka ede nou konbat gwo chalè sa. Si nou santi sentom grav tankou konfizyon, pèt konesans oswa kriz, kouri al wè medsen.

Synda Dolce

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici