«Dyaman Nan Bidonvil», yon tèks ZAFÈM ki trete nan egzamen bakaloreya

0

Pou dènye jou egzamen bakaloreya yo jodi jedi 2 dawout la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) deside bay kandida yo trete tèks mizikal «Dyaman Nan Bidonvil» ki sou albòm LAS, gwoup ZAFÈM lan, kote Reginald Cangé ak Dener Ceide ak chante reyalite timoun nan sosyete a ki nan lari.

Eprèv bakaloreya yo kòmanse depi lendi 31 jiyè a pou fini jodi jedi 3 dawout la. Nan dezyèm pati egzamen literati kreyòl la, konpreyansyon tèks, se mizik « Dyaman Nan Bidonvil » yo bay elèv yo, kote yo te gen pou reponn 6 kesyon sou li.

Se Dener Ceide ki ekri ak konpoze tèks « Dyaman Nan Bidonvil » la ki twouve l an sizyèm pozisyon pou albòm Lalin Ak Solèy (LAS) ZAFÈM nan. Tèks sila pale sou timoun, sitou timoun ki nan lari, ki lage 2 bra balanse. Otè a mande pwoteksyon pou timoun sa yo ki inosan epi chaje ak entelijans.

N ap raple se nan dat 8 jiyè 2023, Minis edikasyon an Nesmy Manigat te fè konnen, nan yon pòs li te fè sou paj Fesbouk li, pyès moun pa bezwen sezi si yon tèks ZAFÈM sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl pou klas filo, ki rele kounye a NS4. Li te souliye tou “Zafèm montre Ayisyen vibre ansanm pi byen an kreyòl, epi rakonte vi yo e konprann istwa yo pi byen an kreyòl. #ALASO ak yon lekòl miltilang: Kreyòl, Anglè, Espanyòl, Franse.”

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici