Maladi kis-fibwòm: rezon ki fè medsen konn rekòmande pou medam yo fè pitit avan yo opere

0

Anpil fi nan peyi a ap monte kalvè yo anba kansè nan matris, kis nan ovè, fibwòm ak lòt maladi ankò. Dènye tan sa yo, pwoblèm yo pran yon lòt etap. Medsen souvan mande jèn fi k ap soufri ak maladi sa yo, sitou kis, pou yo fè pitit avan yo opere yo.

Kis bay medam yo gwo kè sote. Lè w ap pale de yon kis nan òvè oswa yon fibwòm, ou souvan tande doktè yo konseye fanm yo fè yon timoun avan yo fè yon operasyon. Sa ede konsève fètilite ak minimize risk potansyèl yo.

Kis nan ovè ak fibwòm

Yon kis nan ovè se yon ti sak ki anfle, ki gen yon likid ladann li souvan sitiye sou youn nan ovè yo oswa sou tou de ovè yo. Pakont, yon fibwòm li menm se yon timè ki souvan beniy, sa vle di ki pa twò danjere pou sante an, li fòme nan matris la. Li fèt ak tisi ki nan misk la epi li ka varye nan gwosè, selon eksplikasyon yon pwofesyonèl nan domèn sante a nou te konsilte.

Yon fibwòm ka konsidere kòm danjere pou sante nan kèk sitiyasyon, tankou si li vin gwo anpil, li ka lakòz sentòm grav, oswa afekte fètilite. Nan ka sa yo, yo ka bezwen entèvansyon chirijikal, daprè pawòl Doktè Manley Rivière.

Toujou selon espesyalis la, nòmalman gen de (2) kalite kis :
Kis fonksyonèl ki ka diminye natirèlman nan 90% nan ka yo ak Kis òganik ki pa konn diminye li menm.

Yon kis fonksyonèl se yon kalite kis ovè ki fòme pandan lè fi a gen règ nòmal li, sa vle di, yon peryòd nòmal, yon sik règ ki regilye ak previzib, ki fèt chak mwa epi anjeneral dire ant 3 ak 7 jou. Se yon chanjman òmòn ki fè kis sa ki ka ale poukont li san tretman.

Lè aktivite òmòn yo retounen nan nòmal, kis fonksyonèl la geri natirèlman. Se poutèt sa yo di li diminye, eksplikasyon Doktè a.

Yon lòt kote, yon kis òganik nan ovè se yon fòmasyon anòmal ki devlope nan òvè yo. Kontrèman ak kis fonksyonèl la ki ka ale poukont li, yon kis òganik nan ovè pa an jeneral diminye. Li ka lakòz faktè tankou dezekilib òmòn oswa pwoblèm estriktirèl, daprè sa jèn medsen an ajoute.

Sentom

Sentom kis nan ovè yo, ak fibwòm nan preske menm jan, se doulè anba ti vant oswa yon santiman pwa lou nan senti w.
Metworaji, ki se le w ap senyen san ou pa gen règ ou, dismenore (doulè pandan règ).

Twoub nan pipi : disiri, polakiyiri. Maladi dijestif : konstipasyon. Yon sansasyon yon mas nan anba ti vant ou oswa ki monte pi wo.

Tretman

Anpil fi plis pè maladi sila yo paske koze paka fè pitit konn pale, men chaje suivi medikal yo ka fè. Sa konn rive, kis nan òvè rete san sentom, men pou fibwòm nan, li varye selon moun nan.

Selon Doktè a, dyagnostik lan ka fèt pafwa ak siy li sot site yo, men yon sonografi, se egzamen referans la. Sonografi pou pasyan ki vyèj, avèk fi anba yo piti.

Kis fonksyonèl la jeneralman disparèt pou kont li, li enpòtan pou medam yo kontwole pou asire yo li disparèt nèt. Si li pèsiste, yo pral ofri tretman òmòn atravè yon grenn estwojèn-projestojèn pou bloke ovilasyon an. Paske plis kis la ak laj moun nan wo, se plis chans ki genyen pou li se yon kis òganik.

Nan ka kis òganik lan, yon tretman chirijikal nesesè kote li plis pase 5 santimèt nan dyamèt. Nan kad tretman, sistèktomi (retire kis la) ovarektomi (retire ovè a) isterektomi (retire matris la), selon Manley Rivière.

Yon sonografi chak 3 mwa aprè premye sonografi a, si mas la pèsiste epi pa gen okenn rediksyon, yo di li se òganik, epi li ka pwogrese nan kansè, pawòl jèn medsen entèn nan.

E nan ka fibwòm la, li fè konnen pou detèmine yon fibwòm, yon pwofesyonèl medikal ka fè yon egzamen fizik, tankou yon palpasyon nan vant la ak anba vant lan. Tès adisyonèl, tankou yon sonografi anba ti vant oswa yon IRM.

Apre tout egzamen sa yo, gen kèk doktè ki ka rekòmande pou fi a fè yon timoun avan li fè operasyon pou yon kis nan ovè oswa fibwòm akòz risk potansyèl sou fètilite.

Rezon se paske sa ka rive operasyon an lakòz domaj nan tisi ovè oswa sikatris ki ka afekte kapasite pou fi a vin ansent natirèlman. Sepandan, chak ka inik e li enpòtan pou pale ak doktè ou pou jwenn enfòmasyon espesifik nan sitiyasyon sa epi pran yon desizyon pou w rete enfòme Konsèy soktè Manley Rivière.

Synda Dolce

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici