Anpil Ayisyen deside retounen lakay yo akoz Luis Abinader fin dechennen pou konstriksyon kanal Rivyè Masak

0

Anpil Ayisyen ki t ap viv kay vwazen deside depi maten jedi 14 septanm nan retounen lakay yo. Nan plizyè imaj jounal dominiken DiarioLibre pibliye, nou ka wè konpatriyòt sa yo ak sak, valiz, pitit yo ak lòt bagay nan men yo ap travèse fwontyè a nan zòn Dayabonn.

Byen bonè maten jedi a, se plizyè santèn Ayisyen konfrè nan jounal DiarioLibre te konstate k ap lage pye yo travèse nan bò Ayiti sou fwontyè Dayabonn. Anpil nan sitwayen sa yo, ki akonpanye avèk zafè enpòtan yo, fè konnen se pou rezon sekirite yo kite kay vwazen.

Gen youn nan Ayisyen Sa yo ki di, klèman nan mikwo jounal la, li dakò pou konstriksyon kanal la sou Rivyè Masak la. “ Nou tout Ayisyen nou dakò ak konstriksyon sa. Paske si n gen manje lakay nou, nou gen travay ak lòt sa n bezwen, nou p ap vin deranje Dominiken lakay yo ”, deklarasyon jèn ayisyen an.

“ Nou menm Dominiken gen yon bagay nou pran pòz nou pa wè, se pil Ayisyen rich ki vin achte gwo kay nan peyi nou. Men se ti Ayisyen ki vin chèche lavi, ki pa vin fè anyen mal, nou rayi ”, pawòl yon lòt Ayisyen nan mikwo jounalis jounal dominiken an.

Dominiken menase rache Ayisyen

Selon enfòmasyon redaksyon Passion Info Plus rive konpile, lavi Ayisyen nan anpil zòn nan Repiblik dominikèn menase. Genyen ki gen plizyè jou yo pa al travay akoz Dominiken ap menase yo e menm sezi moto yo.

“ Mwen menm, se responsab travay mwen an menm ki di nou pa bezwen sòti paske l okouran anpil Dominiken kòmanse file manchèt yo pou rache Ayisyen jis pou pwoblèm konstriksyon kanal la ”, deklarasyon yon jèn pwofesyonèl ayisyen k ap evolye depi 2 lane kay vwazen an.

Yon lòt konpatriyòt k ap viv pa twò lwen fwontyè Dayabonn nan fè nou konnen gen anpil jounalis nan radyo ki ap pouse Dominiken yo atake Ayisyen. “ Si deblozay poko pete, se paske nan zòn Dayabonn nan Dominiken yo viv plis ak Ayisyen pase pwòp pèp yo. Se nan lòt vil, tankou nan kapital sitiyasyon an pi riske pou nou menm Ayisyen ”, eksplikasyon li.

Fòk nou presize se depi avan prezidan Luis Abinader anonse fwontyè ap fèmen nèt apati demen maten, Ayisyen yo te kòmanse lage pye yo. Sitiyasyon an riske mangonmen paske anons sou fwontyè a k ap fèmen nèt la kreye anpil panik nan kominote ayisyèn nan lòtbò a.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici