“Li lè pou nou pran konsyans pou n chanje peyi nou paske pèsonn pap vin fè l pou nou “, Corventina Dumornay

0

Sipèsta seleksyon fanm Ayiti a, Melchie Daëlle Dumornay, nou konnen tou sou non Corventina ou Corventigol, fè jodi Jedi a yon piblikasyon sou Fesbouk pou pale de sitiyasyon peyi a, sitou nan kad dosye kanal la.

Jwez 20 lane a ki se timoun Mibalè nan piblikasyon li an voye gwo mesaj pou tout Ayisyen ak Ayisyèn.
“ Ayiti se tè nou, pèsonn pap janm plis alèz yon lòt kote ke lakay li.
Ensekirite ak move lavi k ap met dlo nan je tout moun nan peyi a dwe sispann !” se sa li ekri sou paj Fesbouk li.

Si anpil obsèvatè pa sispann pale de pwoblèm konsyans nou genyen kòm pèp ki mete n nan sitiyasyon nou ye a, Grenadyè a panse lè a rive pou n redrese bak peyi a.
“ Li lè pou nou pran konsyans pou n chanje peyi nou paske pèsonn pap vin fè l pou nou ”, pawòl Corventina.

Yon lòt kote, li te pwofite pou adrese 2, 3 mo ak moun Wanament ki kanpe doubout fas Dominiken pou konstui premye kanal Ayiti nan Rivyè Masak.

“ Fòs ak kouraj pou tout moun kap soufri nan moman an. M ret kwè yon jou sa ap chanje.
Epi… Kanal la Pap Kanpe 💪🏽🇭🇹 ”, deklarasyon sipèsta peyi a ki ap jwe nan klèb Lyon nan peyi Lafrans.

Jounen jodi a, se preske tout kouch nan peyi a ki deside sòti tèt yo, eksprime santiman patriyotik yo aprè Prezidan dominiken Luis Abinader, ki konsidere tèt li kòm chèf Lil la, pran desizyon fèmen tout fwontyè ak Ayiti jis pou konstriksyon yon kanal ki pral ede agrikilti peyi a avanse.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici