Luis Abinader di li pare pou l negosye, men fòk kanal la kanpe avan

0

Yè lendi 18 septanm nan, prezidan Repiblik dominikèn la, Luis Abinader fè konnen li pare pou l negosye sou konfli ak Ayiti a, anba medyasyon Nasyonzini oubyen lòt gwoup ki vle mennen diskisyon yo. Men, avan tout negosiyasyon, li vle pou kanal la kanpe paske, selon li, konstriksyon an vyole akò entènasyonal yo.

Se yon prezidan Abinader ki kontinye ap jwe jwèt fiyèt laloz, chak jou diskou li yo depaman, pandan sitwayen Ayisyen yo kontinye angaje yo pou kontinye konstriksyon kanal la nan Rivyè Masak.

“ Mwen panse Nasyonzini ka nòmalman medyatè. Tout sa nou vle se pou trete a respekte, pou akò entènasyonal yo pa vyole. Si yo kanpe konstriksyon an, nou pral chita pale ”, deklarasyon Luis Abinader Diario Libre rapòte.

Depi Nouyòk kote l ye nan Asanble jeneral Nasyonzini, prezidan dominiken an fè revelasyon sou volonte ki genyen kay tou de kan yo pou jwenn yon solisyon. Li menm li dakò sa, men avan sa, Abinader vle dezi li satisfè, kanpe konstriksyon kanal la.

“ Nou prè epi dispoze pou n dyaloge. Men sèl kondisyon pou gen dyalòg se pou kanal la kanpe ”, sa se pozisyon Luis Abinader ki dechennen depi lè Ayisyen yo depi Wanament mobilize epi angaje pou rapousib ak konstriksyon kanal la nan Rivyè Masak ki pral ede nan agrikilti peyi a, sitou nan plèn Maribawou.

Fòk nou di bwa mare kay vwazen depi mouche Abinader fin fèmen tout fwontyè yo ak Ayiti. Komèsan dominiken yo eksprime fristrasyon yo akoz desizyon sa, paske pwodui yo kòmanse gaspiye. Ze ak legim yo kòmanse pouri nan men yo.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici