“Joe Biden se yon menas pou demokrasi”, deklarasyon Trump aprè Eta Kolorado pouse l deyò pou eleksyon 2024 yo

0

Kèk minit aprè desizyon Eta Kolorado pou mete l deyò nan eleksyon 2024 yo, ansyen prezidan Donald Trump te parèt nan yon gwo rankont nan Ayowa pandan l te pwofite pou reyaji sou diskalifikasyon li.

“Li pa etonan pou vye Joe Biden ak fou ekstrèm gòch yo ap chèche yon fason dezespere e pa tout mwayen pou bloke n”, se premye mo ansyen prezidan repibliken an sou desizyon Lakou Siprèm Kolorado pou pouse l deyò nan eleksyon 2024 yo nan Eta sa.

“ Joe Biden se yon menas pou demokrasi, se vrèman yon menas ”, se sa Donald Trump te kontinye pou di.

Eta Kolorado di li pa rekonèt kandidati Trump e yo deja anonse y ap retire bilten li yo depi nan eleksyon primè repibliken yo. Fòk nou di se premye fwa sa rive nan listwa Etazini.

Pou Lakou Siprèm Kolorado a pran desizyon pouse doTrump se sou yon tèks lwa ki la depi “Gè Sesesyon” yo apiye. Nan epòk la te gen amandman ki entèdi yon endividi okipe yon fonksyon ofisyèl si l te angaje l nan fè enzireksyon kont Leta.

Pou ka pa Trump la, li konsène atak oubyen gwo aso ki te fèt sou palman ameriken an ( Kapitòl) nan dat 6 janvye 2020.

“ Ansyen prezidan Trump pa kalifye pou pòs prezidan peyi a. Kandidati li pou eleksyon primè prezidansyèl yo se yon zak ki pa kadre ak lalwa ”, yon pati nan dokiman Kou Siprèm Kolorado a pibliye yè madi.

Kòm reyaksyon, avoka Donald Trump yo deklare ansyen prezidan pat janm rekonèt li koupab nan kad zak Kapitòl yo. E ekip li anonse yo pral fè apèl sou desizyon sila devan Lakou Siprèm Federal. N ap presize nan Lakou sa, prezidan repibliken te nonmen 6 nan jij yo, Trump pou kò l te nonmen 3.

Fòk nou raple jiskaprezan, Trump toujou vize nan yon ankèt federal nan kad dosye Kapitòl sa. Men, poko gen pyès santans ki tonbe.

Èske gen lòt Eta k ap suiv Kolorado pou entèdi Trump poze kandidati m pou eleksyon 5 novanm 2024 yo ? Li rete pou n wè sa k pral pase nan mwa k ap vini yo. Anpil Ayisyen ap suiv dosye sa ak atansyon, sitou Donald Trump gentan anonse lè l tounen prezidan li p ap nan jwèt ak tout migran ki twouve yo sou sòl Tonton Sam nan.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici