Ayiti gran benefisyè Pwogram Biden nan, plis pase 144 000 Ayisyen deja apwouve

0

Malgre anpil moun ap plenyen pou imèl konfimasyon yo pa janm jwenn pou aplikasyon yo nan Pwogram Imanitè Pawòl la, sa nou rele bò lakay nou pwogram Biden nan, se Ayiti ki genyen jiska prezan plis moun ki apwouve. Ayisyen k ap kouri kite peyi a pou tout kalite pwoblèm sòti gwo benefisyè devan lòt peyi yo.

Daprè dènye rapò CBP pibliye, sòti depi lè pwogram nan lanse pou rive fen mwa janvye 2024 la, se plis pase 357 000 sitwayen ki sòti Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela ki deja rantre legalman nan peyi Etazini.

Pou plis presizyon, nan total sa gen plis pase 144 000 Ayisyen ki apwouve epi jwenn otorizasyon pou ale kay Tonton Sam. Pou lòt peyi yo kantite yo se 75 000 Kiben, 64 000 Nikaragweyen ak 92 000 Venezyelyen.

Passion Info Plus Piblisite

Nan plis pase 144 000 Ayisyen an, plis pase 138 000 deja fè vwayaj yo pou al jwenn swa zanmi oubyen fanmiy yo Etazini.

Se chak jou Ayiti ap pèdi yon ekip pwofesyonèl ki oblije kite peyi a paske tout kalite difikilte melanje pou pouse do yo deyò. Fas ak tout sa, Leta kanpe an bon obsèvatè.

kredi foto : yon liy byen long nan Ayopò entènasyonal Tousen Louvèti a/Lesly Dorcin/Le Nouvelliste

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici