Etazini : lameri nan vil Parksley, Vijini kanpe anfas yon koup ayisyen ki louvri yon biznis manje ayisyen

0

Yon jenn koup ayisyen, Clemene Bastien ak Theslet Benoir, ki kouri kite Ayiti akoz pwoblèm pou ale Vijini, Etazini, louvri biznis rèv yo kote yo vann epis, bwason, diri ak lòt pwodui kominote ayisyen an gen difikilte pou jwenn nan rejyon sa a.

Selon sa AP rapòte vandredi a, kalvè mesyedam sila yo pral kòmanse aprè yo vin ajoute yon kamyon k ap vann manje ki prepare selon prensip kilinè ayisyen nan biznis la. Inisyativ aa charye Ayisyen tout kote ki kondui pandan plizyè èdtan pou vin manje bon ke bèf byen kuit, fritay tankou bannann ak patat fri, san bliye bon vyann kochon.

Fas ak pwoblèm yo, Clemene Bastien ak Theslet Benoir pousuiv devan Lajistis vil « Parksley » paske responsab minisipal yo tèlman bayo pwoblèm, yo oblije fèmen biznis la (food truck). Koup la deklare gen youn nan manm konsèy minisipal la ki koupe tiyo ki konn mennen dlo nan kizin yo epi lè l fin fè sa li di yo : « retounen nan peyi nou ».

“ Premye jou nou te ouvri a te chaje moun ki vini, ki kòmande manje. Nan demen ankò te gen plis moun. Epi kèk jou aprè responsab Lameri yo kòmanse bay nou pwoblèm, fè asèlman sou nou “, pawòl Clemene Bastien konfye ak AP.

Nan kad dosye pwosè federal la li presize vil la adopte yon entèdiksyon kamyon k ap vann manje ki vize sèlman koup ayisyen an, aprè yo menase yo pou yo peye amann epi menm mete yo nan prizon lè yo revandike.

Nan kad pwosè sa, se « Institute for Justice » ki reprezante Clemene Bastien ak Theslet Benoir. Yon kabinè avoka ki travay sou yon seri abi k ap fèt sou moun nan Vil sila. “ Si Theslet ak Clemene pat gen orijin yo Ayiti, otorite nan Vil Parksley pa t ap angaje yo nan de seri aksyon abiziv kont yo ”, se sa dokiman pwosè a presize.

Passion Info Plus Publicité

Ayisyen k ap kouri kite peyi yo akoz tout kalite pwoblèm kontinye ap andire anpil imilyasyon ki souvan lye ak orijin yo. Bò lakay, pa gen pyès moun k ap fè efò pou chanje kondisyon peyi a pou yon jou Ayisyen sa yo ki egzile tout kote nan mond la te ka di y ap tounen lakay yo.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici