Etazini : Sadrac Metellus, yon jèn ayisyen 29 lane, touye mennaj li Kesline Garnier 14 fevriye a

0

Jèn ayisyen Sadrac Metellus ki gen 29 lane touye ak kout kouto mennaj li Kesline Garnier ki se yon ayisyèn mèkredi 14 fevriye pase a. Zak sa fèt nan vil Worcester, ki nan Massachusetts, Etazini.

Daprè sa plizyè medya ameriken rapòte, pami yo NBC Boston, Sadrac Metellus deja jwenn arestasyon l. Otorite yo nan Worcester enkilpe l yè jedi a pou zak asasinay mennaj li.

Daprè enfòmasyon ki pataje, se ta jalouzi Sadrac t ap fè pou mennaj la. Sa vin mennen gwo diskisyon. Vwazen ki nan apatman yo fè konnen, 2 moun yo t ap goumen e yo te tande anpil bri.

Avan Lapolis rive, Sadrac te gentan touye ak plizyè kout kouto jèn demwazèl la ki pa rive Etazini twò lontan, se Repiblik dominikèn li t ap viv avan sa.

Passion Info Plus Piblisite

Lajistis deja mete Sadrac Metellus nan prizon, san posibilite pou l libere pwovizwaman, sa yo rele Etazini : “ mise en liberté sous caution ”.

Tribinal vil Worcester deja pwograme yon odyans pou 3 avril k ap vini la nan kad afè sa.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici