Larisi ak Venezyela anonse yo jwenn akò pou itilizasyon « enèji Nikleyè »

0

Peyi Larisi ak Venezyela antann yo pou elaji byen koperasyon yo genyen nan kesyon petwòl, san yo pa ekate itilizasyon pasifik « enèji nikleyè », se sa k anonse nan moman minis afè etranjè ris la, Sergueï Lavrov, t ap vizite kapital Karakas.

Se nan lannuit lendi 19 fevriye a, responsab diplomasi Larisi a, Sergueï Lavrov, ateri nan peyi Venezyela, aprè pasaj li Kiba, nan kad yon bann chita pale l ap fè nan Amerik Disid la. “ Nou (Larisi ak Venezyela) deside defini tout domèn ki enpòtan pou koperasyon nou, tankou elajisman koperasyon nan pwodiksyon petwòl, devlopman chan gaz yo, agrikilti, medsin, pwodui famasetik ”, deklarasyon minis Sergueï fè nan yon konferans pou Laprès yè madi a.

Pi lwen, minis lan fè konnen Larisi ak Venezyela konsidere domèn itilizasyon pasifik « enèji nikleyè » yo pwomèt anpil. Nan sans sa, selon sa l di, 2 peyi yo te diskite sou kesyon an e yo deside ogmante volim koperasyon yo nan domèn sila a.

Minis afè etranjè Larisi a, Sergueï Lavrov te kontinye pou di Venezyela se youn zanmi pi pwòch epi pi fyab peyi l genyen nan Amerik Latin la e menm nan mond la. Epi yo ini pa rapò ak yon seri relasyon fèmen e patenarya estratejik.

Passion Info Plus, PUB

Bò kote pa l, prezidan venezyelyen an Nicolas Maduro salye sa l rele yon rankont plen ak solidarite e koperasyon. “ Se te gratifyan pou n resevwa nan Palè Miraflores Chanselye Federasyon Risi a, Sergueï Lavrov. Reyinyon solidarite ak koperasyon sa te pèmèt nou diskite sou ajennda devlopman nan plizyè domèn tankou : lasyans, teknoloji, ekonomi, enèji… Nou se pèp frè ki ap travay ansanm pou pwosperite Larisi ak Venezyela !” sa prezidan Maduro ekri sou kont X li.

N ap presize, aprè chèf diplomasi ris la sòti Kiba epi travèse Venezyela, li prale Brezil pou patisipe nan gwo reyinyon Minis Afè Etranjè peyi G20 yo.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici