Ayiti : avyon pa vole, benefisyè pwogram Biden nan ka pwolonje delè otorizasyon vwayaj li a

0

Jounen jodi a, anpil Ayisyen ki apwouve e otorize pou rantre Etazini nan kad pwogram Biden nan tonbe nan enkyetid paske avyon pa vole Ayiti depi kòmansman mwa mas la.

Konpatriyòt sa yo pè pou otorizasyon vwayaj yo pa ekspire pandan yo toujou la Ayiti. Otorizasyon sila Ministè Enteryè Etazini voye pou benefisyè a, bay li posibilite pou l vwayaje avè l nan yon delè 90 jou.

Nan ka kote benefisyè a gen « Travel Authorization » li nan men l, men li poko ka vwayaje pandan dat ekspirasyon delè sa ap pwoche, li ka solisite èd esponnsò li.

Paske esponnsò a gen posibilite pou fè demann pwolongasyon pou benefisyè a, 30 jou avan delè yo bay la ekspire.

Epi lè esponnsò a fin fè demann la sou kont « USCIS » li kote l te ranpli Fòm I-134A, imigrasyon pral analize l.

Aprè analiz, responsab imigrasyon Amerikèn yo ap deside si y ap pwolonje “Travel Authorization” an pou 90 jou ankò. Sa ka rive repons yo negatif.

Passion Info Plus, PUB

Fòk nou presize, sòti mwa janvye 2023 pou rive fen mwa fevriye 2024, 156 000 Ayisyen gentan jwenn otorizasyon vwayaj pou al viv kay Tonton Sam, selon dènye bilan CBP pibliye vandredi 22 mas la. Nan kantite sa, 151 000 gentan vwayaje.

Pandan ti tan sa yo, konpayi Sunrise Airways ap tante fè kèk seri vwayaj espesyal sòti Okap pou ale Miyami. Responsab yo prevwa fè 2 vòl lendi 25 mas la kote yon grenn tikè ap koute 919 dola vèt.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici