Ayiti senkyèm nan lis peyi kote gason gen pi gwo « koulout » nan mond la

0

Se Daily Mail Sante ki pibliye dimanch 7 avril 2024 la rezilta rechèch ki fèt sou anviwon 90 peyi nan tout mond la pou wè ki gwosè koulout mesye yo genyen. Nan kad rechèch sa yo, Ayiti se peyi ki chanpyon nan Karayib la epi ki fini senkyèm tou sou 90 peyi yo.

Gason ayisyen yo senkyèm nan tout mond la pou gwosè bwa yo ki gen yon tay mwayèn 6,3 pous (16 santimèt). Ayiti ak Kiba se sèl peyi Karayib la ki twouve yo nan top 20, Kiben yo fini nan uityèm pozisyon nan klasman an.

Men tòp 10 peyi nan mond la kote gason gen pi gwo koulout, longè an santimèt :

Ekwatè  (longè 17,6 santimèt)

Kamewoun  (16,6)

Bolivi  (16,5)

Soudan  (16,4)

Ayiti  (16)

Senegal  (15,9)

Ganbi  (15,8)

Kiba  (15,8)

Oland  (15,8)

Zanbi  (15,7)

Passion Info Plus, Piblisite

Sa k atire atansyon moun nan lis sa, se Etazini ki pa menm nan tòp 50. Ameriken yo se jis nan swasantyèm pozisyon yo twouve yo ak yon longè koulout (13,5 santimèt). 

Epi nan fen klasman sa, nou jwenn peyi ki rele Kanbòj la, yo estime koulout mesye yo mezire sèlman (10 santimèt).

Kidonk, daprè rezilta etid sa, Ekwatoryen yo gen pi gwo bwa nan tout mond la epi Kanbojyen yo gen pi piti koulout nan tout mesye yo sou planèt la. 

Fòk nou presize nan kad travay sa, chèche yo di yo rive dekouvri peyi kote ki gen moun gwo anpil yo (obèz) se nan peyi sila yo ki gen plis gason ti koulout.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici