19.6 C
New York
vendredi, août 15, 2025
Google search engine
AccueilACTUALITÉEtazini sèmante l ap depòte tout Ayisyen ki pran «bato» pou rive...

Etazini sèmante l ap depòte tout Ayisyen ki pran «bato» pou rive lakay li 

Ayisyen k ap kouri akoz kondisyon lavi yo ap degrade chak jou pi plis nan peyi a kote gang ak zam ap feraye, ta dwe evite travèse lanmè nan bato pou al pran refij yo Etazini. Nenpòt Ayisyen yo kenbe nan kad vwayaj ilegal sa yo, y ap pimpe yo tounen lakay yo, sa se deklarasyon Alejandro Mayorkas, ki se minis ameriken ki jere kesyon sekirite enteryè, fè yè jedi 4 avril la nan yon entèvyou ak Miami Herald.


“ Mesaj nou pou Ayisyen klè kou dlo kòk: pa pran lanmè pou vin Etazini. Nou wè twòp trajedi lè moun yo deside fè vwayaj sa yo kote yo mete an danje lavi yo ak fanmiy yo. N ap toujou konseye moun yo itilize vwa legal yo ”, deklarasyon minis sekirite enteryè Etazini a Alejandro Mayorkas ki fè konnen yo trè konsantre sou sa k ap pase Ayiti nan moman an.

Dènye semèn yo, anpil Ayisyen ki t ap tante rive kay Tonton Sam sou lanmè te jwenn arestasyon yo e depòtasyon yo.

“ Ban m klè sou pwen sa, lè nou kenbe endividi k ap sòti Ayiti sou lanmè, nou voye yo tounen nan peyi yo rapid rapid. Nan sans sa, nou pimpe anpil tounen nan dènye semèn sa yo e nou kontinye ap fè sa. Nou kontinye ap fè respekte lalwa ”, se sa responsab la konfime, pandan l kontinye ap dekonseye sitwayen yo fè vwayaj sila yo ki danje anpil.

Passion Info Plus, Piblisite

Pou mwa mas pase a, se plis pase 13 000 Ayisyen plizyè peyi depòte an Ayiti, daprè Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon. Peyi tankou Etazini, Repiblik dominikèn, Bayamas, pa sispann pimpe tounen Ayisyen k ap kouri kite peyi pou tout kalite pwoblèm.

RELATED ARTICLES

Leave a reply

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

- Advertisment -
Google search engine

Most Popular

Recent Comments

Extended Opportunity sur 156CAB18-7344-45FD-9F23-77AD2B839CEF

Toutes Les Dernières Informations Du Monde Avec Passion Info Plus , Pour toute Offre promotionnelle veuiller nous Contacter.