Meksik ak Nikaragwa deside kanpe tout relasyon diplomatik yo ak Ekwatè

0

Aprè Lapolis nan Ekwatè fin antre nan anbasad meksikèn ki twouve l nan vil Kito, peyi Meksik ak Nikaragwa deside kanpe tout relasyon diplomatik yo te genyen ak Ekwatè.

Desizyon peyi Meksik la vini ayè vandredi a paske Lapolis ekwatoryèn te antre nan anbasad yo pou al arete ansyen vis-prezidan Ekwatè a, Jorge Glass, kote l te pran refij e mande azil politik aprè Lajistis peyi l kondane l pou koripsyon.

Polisye Ekwatè yo te oblije kraze pòt anbasad Meksik la nan Kito pou ka al arete ansyen vis-prezidan ki te fin jwenn azil politik vandredi 5 avril la nan men otorite meksikèn yo. 

Chaje afè Meksik la nan Kito pwoteste aprè zak sila. Kote pa yo, otorite ekwatoryèn yo fè konnen se nan kad batay y ap mennen kont enpinite yo rive fè aksyon sila. Fòk nou di « Konvansyon Vyèn sou relasyon diplomatik yo » entèdi klèman zak sa yo nan lokal anbasad yo.

Sou X, Prezidan meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador kalifye entèvansyon polisye ekwatoryen yo de vyolasyon flagrant dwa entènasyonal yo epi souverènte peyi Meksik. E, daprè minis afè etranjè a Alicia Bárcena ki anonse koupefache imedya relasyon diplomatik ak Ekwatè, gen nan moun k ap travay nan anbasad la ki sòti blese nan moman entèvansyon ajan polis Ekwatè.

Passion Info Plus, Piblisite

Aprè ensidan sa a, peyi Nikaragwa deside pran menm desizyon an. Li koupe relasyon diplomatik li Ekwatè epi eksprime solidarite li ak Meksik, daprè sa ajans près espanyòl EFE rapòte.

Konsène a, ansyen vis-prezidan ekwatoryen, Jorge Glass, te pran refij nan anbasad Meksik nan vil Kito depi 17 desanm 2023. Tout sa se paske l te gen yon manda dèyè l nan kad yon ankèt lajistis ekwatoryèn ap mennen sou detounman lajan nan moman konstriksyon yon vil ki rele « Manabi » ki te kraze aprè pasaj yon tranblemanntè nan lane 2016.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici