Edikasyon: 325 diplome nan Lekòl Nòmal Siperyè egzije minis edikasyon an ba yo lèt nominasyon

0

Pwomosyon 2013-2017 ak 2014-2018 fin fè estaj pou ministè edikasyon nasyonal depi 2 ane, daprè pwotokol ki te siyen ant ministè a ak ENS. Aprè 10 mwa estaj yo dwe ba yo lèt nominasyon, dosye a rete nan enpas si n ka kwè sa Jean Ronald OLYCÉ ki fè pati gwoup diplome yo fè n konnen.

Malgre ansyen Minis Agénor Cadet te deside redui tan estaj yo pou 7 mwa, sa pa pote twòp fwi. Pwofesè yo ap tann lèt yo depi 2 lane. “Nou mande ak minis Marie Lucie Joseph pou ba nou lèt nominasyon nou nan lide pou n al konble vid ki gen nan Lise yo.” Pawòl Pwofesè istwa Jean Ronald.

“Nou fin fè estaj olye yo ba nou lèt la se nan lari yo lage nou nan fè manifestasyon. Olye yo ba nou lèt la pou n al travay ak pitit moun ki pi mal yo nan Lise yo se gaz ak bal y ap ba nou lè nou pran lari a pou n di nou vle al travay. Nou p ap ale Chili ak Brezil pou n al fini anba pon Tekzas, se malere ak malerèz yo ki te finanse etid nou, nou dwe tounen al fòme pitit yo nan Lise yo.” Se kòlè Berno ANTOINE ki se yon diplome nan syans natirèl ak chimi te lage nan mikwo jounal la.

N ap raple se nan batay pou te jwenn lèt nominasyon sa yo, yo te rive asasinen etidyan Grégory St-Hilaire anndan lakou lekòl nòmal siperyè a. Yon lane aprè, anyen pa fèt pou l jwenn jistis ni pou kamarad li yo jwenn lèt nominasyon y ap reklame depi 2 lane a.

Erickson ALCINÉ dit Erick. www.erick509@gmail.com

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici