“mwen retounen lakay ,kò m toujou di l lakay se lakay” deklarasyon Martine Moïse

0

Ansyèn Premyè dam nan Martine Moïse retounen nan peyi Dayiti yè vandredi premye oktòb 2021 an nan lasware aprè l te fin pase plizyè jou nan peyi Etazini.

Martine Moïse debake nan ayopò Kap Ayisyen an alòske vòl la te pwograme depi 10zè nan maten.
Vèv la te pran lapawòl nan yon tikout konferans pou laprès li bay nan salon diplomatik la, li fè konnen li kontan retouen lakay, li pa t kapab rete deyò ankò. ” mwen kontan aswè a paske finalman mwen retounen lakay, kò m toujou di l lakay se lakay. Mwen retounen pou plizyè rezon mwen retounen paske fòk mwen te retounen, m pat ka rete deyò ankò paske lakay te manke m” pawòl ansyèn Premye Dam nan.


Madanm nan fè konnen tou li retouen pou l vin pase yon minit rekèyman douvan tonm mari l ansyen prezidan Jovenel Moïse pou l pale ak li.
Men tou, li pwofite voye yon mesaj bay popilasyon Nò a pou di li pral pi prezan nan depatman an pou l ka ede yo fè agrikilti atravè fondasyon li.”Pwogram ke m te kòmanse m ap rekomanse yo atravè Fondasyon m, ede moun yo plante kafe, ede moun yo plante kakawo, kote ki gen dlo ki ka wouze, ede yo avèk diri, mayi, pwa paske si pa gen manje gen anpil lòt bagay ki pa ka fèt ” selon sa li di.

Martine Moïse gen randevou 6 oktòb nan pakè Pòtoprens pou l al reponn kesyon jij Enstriksyon Garry Orélien nan kad ankèt sou asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici