Rantre lekòl la ap fèt «Tipa Tipa», selon Ministè Edikasyon Nasyonal

0

Dat pou louvèti lekòl la kenbe malgre okenn kondisyon pa reyini pou sa fèt. Toutfwa, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon kominike li pibliye yè dimanch 2 oktòb la, di li” pran an konsiderasyon tout apèl enstitisyon edikatif yo ak plizyè sektè nan popilasyon an k ap mande bon jan klima sekirite epi tou bon jan kondisyon pou fasilite deplasman elèv, paran ak anseyan yo pou rantre lekòl la”.

MENFP di li « rekonèt premye semèn nan kalandriye eskolè 2022-2023 a, k ap kòmanse nan dat 3 oktòb la, ap difisil pou relanse aktivite lekòl la nan plizyè kote nan peyi a », sa nou li nan kominike sila a kote ministè ajoute li « konprann rantre lekòl la ap oblije fèt tipa tipa », jiskaske tout aktivite reprann nèt.

Se yon desizyon yo kenbe an Konsèy Gouvènman dimanch 2 oktòb la, selon sa Ministè a fè konnen, kote di « Gouvènman pran angajman, yon lòt fwa ankò, pou li kreye bon jan kondisyon sekirite pandan l ap adopte lòt dispozisyon pou fasilite deplasman popilasyon an, sitou elèv yo ak anseyan yo ».

Enstitisyon an pwofite pou li mande tout moun respekte « dwa timoun yo genyen pou yo ale lekòl nan kèlkilanswa sikonstans lan ».

Pandan ministè a fè konnen lekòl la ap louvri pòt li Tipa Tipa,deplasman elèv, pwofesè ak responsab lekòl limite akoz yon ratman gaz ki pa janm sispann mete sou klima sekirite a k ap detèryore.

kredi foto: Loop Haïti

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici