Anpil valè mete sou pwodui lokal yo nan dewoulman « Jounen Retwouvay ak Manje Ayisyen »

0

Yon kokennchenn aktivite ki pote non « Jounen Retwouvay ak Manje Ayisyen » te dewoule nan aprèmidi jedi 19 oktòb 2023 a nan lakou Atelye Kolibri nan Nèrèt, PetyonVil. Okazyon pou anpil Ayisyen te deplase vin konsome diferan pwodui lokal yo, nan lespri fratènite.

Se anba lidèchip Andy Vibert, responsab fondasyon Lidè Demen, aktivite sa te òganize. Inisyativ gastwonomik sa pran nan objektif pou pèmèt diferan Ayisyen rankontre ak manje Ayisyen nan lanmou ak fratènite.

“ Se vrèman yon lonè pou mwen pou m resevwa pakèt Ayisyen devan yon seri pla ayisyen. Se yon senbòl fyète ak libète, kote Ayisyen ak konsome ansanm manje lokal, bwè soup joumou ”, deklarasyon Andy Vibert, ki se jèn ki kache dèyè « Les Aventures d’Andy » kote yo al vizite anpil espas anndan peyi a epi fè foto ak videyo pou montre Ayiti sou yon lòt fas.


Pou responsab la, dewoulman « Jounen Retwouvay ak Manje Ayisyen » se yon fason pou voye yon mesaj ki montre Ayisyen ka konekte ansanm, ka antann yo sou sa yo genyen kòm valè tankou kizin nou ki rich anpil an divèsite.

Dewoulman aktivite « Jounen Retwouvay ak Manje Ayisyen «  jedi 19 oktòb 2023, nan lakou Atelye Kolibri/Nèrèt, Petyonvil.


Se te dezyèm edisyon aktivite sila. Nan yon moman kote n pa sispann pale sou kanal la, sou pwodiksyon nasyonal, inisyatè yo vle montre richès kizin ayisyen an. “ Reyini yon pil ak yon pakèt Ayisyen, malgre jan peyi a ye sitou ak pwoblèm sekirite, sa vle di anpil bagay epi montre plis kòman Ayisyen bezwen viv ak Ayisyen, konekte ansanm. Kanal la p ap kanpe, menm jan kilti ayisyen an p ap kanpe, pwodiksyon nasyonal p ap kanpe ”, pawòl Pitit Tigwav la te kontinye pou di.


Anpil sitwayen, tout kouch nan sosyete a, te fè deplasman pou vin konsome gratis diferan pwodui lokal nou yo tankou diri ak lalo, sòs pwa kongo, sòs pwa nwa ak bòy, pitimi, ble, griyo, tonmtonm, soup joumou, pwason woz, zaboka, bannann ak lam fwi ak lòt ankò. Nan yon anbyans tèt ansanm ak bon mizik lokal k ap woule.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici