Plizyè jèn ayisyen kreye yon sit rechèch pou “Lang Kreyòl” la, ki gen anviwon 12 000 mo ak 1 800 pwovèb

0

Anpil jèn angaje yo dènye tan sa yo pou pouse pi lwen lang Kreyòl la ak divès inisyativ yo deside pran. Nan sans sa, nan okazyon selebrasyon jounen lang ak kilti kreyòl 28 oktòb pase a, yon ekip jèn lanse yon sit rechèch (www.langkreyolla.com ) kote n ap jwenn jiska prezan anviwon 12 000 mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon sou lang kreyòl la.


Philistin Johndy Lens, ki se youn nan jèn ki pran inisyativ sa, fè nou konnen li t ap karese lide sa depi lè l te nan klas segond (NS2) aprè li te fin fè fas ak anpil difikilte pou l rive fè yon devwa an kreyòl. “ Malerezman, pat gen anpil resous an kreyòl disponib sou nèt la. Souvan se an fransè mwen te konn oblije fè kèk rechèch epi tradui yo. Sa kon n rive tou mwen konn paka jwenn anyen paske tèm devwa konn lye dirèkteman avèk lang kreyòl la “, sa jèn lan rakonte nou.

Jounen jodi a li itilize kapasite l kòm devlopè sit entènèt ak jesyonè bazdone pou bay jarèt ak lang kreyòl la kote l lanse pwojè sa k ap pèmèt plis moun konnen ak fè rechèch nan lang la, paske li jije, lang sa dwe jwenn enpòtans li merite.

“ Mw chèche resous ak konpetans nèsesè pandan 4 lane pou m resi abouti ak pwojè sa jodi a. An gwo, pwojè sa vin pèmèt anpil moun fè konesans ak lang kreyòl la pi byen. Anmenmtan, objektif prensipal nou se valorize lang sila a “, deklarasyon Johndy, jèn ayisyen sa ki fè pati tèt Smartworker Corporation.

Yon pwojè byen long

Jèn yo vize lwen. Sit rechèch sa se yon pwojè ki long, daprè jèn yo, ki anonse nan kèk mwa ankò tout moun ap ka fè rechèch sou nosyon matematik, biyoloji, fizik ak lòt ankò nan lang la.

Jèn yo fè n konnen yo jwenn anpil mesaj pozitif depi lè yo lanse pwojè sa. “ Depi lè nou lanse sit la nou jwenn anpil fidbak de moun ki ap aprann lang kreyòl la epi kap di nou kòman sit la itil yo. Nou etone aprann te gen tout moun sa yo k ap aprann lang kreyòl la. Kidonk sit la la pou ede moun sa yo metrize lang la pi byen ”, sa jèn yo konfye nou.

Toujou nan objektif pou bay lang kreyòl la plis enpòtans sou entènèt la, yo di nou yo vle pou gen plis done an kreyòl sou nèt la e pou moun kapab fè rechèch an kreyòl san l pa oblije pase atravè lòt lang. Nan sans sa, yo lanse yon apèl ak tout moun ki renmen lang kreyòl la e ki ta entèrese vin yon redaktè pou platfòm nan. Moun sa yo ap gen tach ekri nouvo mo, pwovèb ak nosyon sou kreyòl la. Moun ki entèrese kapab ekri nan (kontak@langkreyolla.com).


Toujou nan kad pwojè sa a Inisyatè yo di nou yo konte mete mo chak semèn sou sit la. Anplis, si yon moun fè yon rechèch li pa jwenn li epi li siyale sa, y ap ajoute l nan 15 jou pou pi plis. Sit la ap trè aktif, yo p ap sispann antre nouvo mo, pwovèb ak nosyon sou lang kreyòl la.


Se yon total 7 jèn ki monte pwojè sa. Philistin Johndy Lens, Augustin Whitchy, Mereus Momnsen, Georges Jonathan, Alcero Amariah Taylor, Cledanor Gregory ki yo tout etidye syans enfòmatik ak Fanfan Carl Olivier ki nan domèn jeni endistriyèl.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici