Aprè Premye minis Elisabeth Borne fin demisyone ak tout gouvènman li an yè lendi 8 janvye 2024 la nan peyi Lafrans, prezidan Emmanuel Macron chwazi byen bonè maten an minis edikasyon peyi a, Gabriel Attal, pou vin okipe pòs Premye minis la.
Ak 34 lane, Gabriel Attal vini pi jèn Premye minis nan listwa Lafrans depi 1958 nan sistèm Senkyèm Repiblik la (Ve Repiblik). Anplis, se premye fwa yon Premye minis ki masisi pral jere gouvènman peyi a.
Li te antre an 2022 nan gouvènman Elisabeth Borne nan kòm minis delege k ap jere kont piblik yo epi mwa jiyè 2023 li te vin nonmen minis edikasyon. Gabriel Attal fèt 16 mars 1989 nan WodeSèn. Li te militan nan pati sosyalis peyi a sòti 2006 rive 2016. Li te manm Kabinè minis sante Marisol Touraine sòti 2012 rive 2017. Anplis, li konseye minisipal nan vil Vanv depi 2014.
Nan lane 2016, li antre nan Pati politik Emmanuel Macron ki te rele « En Marche » ki vin jodi a « Renaissance ». Gabriel Attal se pòtpawòl pati sa depi 2018 e nan lane 2021 an li vin manm biwo ekzekitif la.
An 2017, li te eli Depite nan dezyèm sikonstripsyon WodeSèn, kote nan palman li ta pral fè pati komisyon afè kiltirèl ak edikasyon epi an 2018 li vin sekretè deta bò kote minis edikasyon epòk la, lè sa li te gen 29 lane epi li te make rekò pi jèn manm gouvènman peyi a. Ant 2020 ak 2022, li te Pòtpawòl gouvènman Premye minis Jean Castex.
Gabriel Attal se premye Premye minis peyi Lafrans ki afiche l klèman kòm masisi. Malgre depi 2013 Lafrans vote lwa maryaj pou tout moun, sa pa anpeche pwen sa ap deba aprè nominasyon Attal kòm chèf gouvènman. Fòk nou presize li se konpayon Stéphane Séjourné, 38 lane, ki se yon politisyen tou, ansyen manm Pati sosyalis fransè a e ansyen Konseye politik prezidan Macron.
Nan yon mesaj li pibliye sou X, prezidan Emmanuel Macron di li konte sou enèji ak angajman nouvo Premye minis la, Gabriel Attal, pou fè mache pwojè li genyen yo.