Sòlda ameriken Aaron Bushnell mouri aprè l fin mete dife sou li devan anbasad Izrayèl nan Wachintonn

0

Nan mitan jounen dimanch 25 fevriye 2024 la, yon sòlda ameriken ak tout inifòm vide gaz epi mete dife sou tèt li (imole) devan anbasad peyi Izrayèl ki twouve l nan lakou Washington DC. Daprè sa yon pòt pawòl Penntagòn di AFP, jèn 25 lane a mouri lopital malgre entèvansyon sèvis ijans yo.

Nan yon videyo li t ap difize sou rezo yo, sòlda, ki se manm aktif nan US Air Force, t ap mande libète pou Palestin kote Israyèl ap fè atak chak jou, fè gwo fwap bonb ak misil.


San ezitasyon, sòlda Aaron Bushnell mete dife sou li pou fè mesaj li pase. “ Mwen p ap kontinye konplis jenosid sa. M ap fè yon ak ekstrèm kòm pwotestasyon ”, se sa jèn ki fèt Sann Antonyo a te deklare avan l mete dife sou li.

Passion Info Plus, Piblisite


Pandan l ap boule, telefòn li t ap filme sèn nan. Toutotan dife t ap pran sou li, li t ap rele « Free Gaza », anklav palestinyen ki twouve l depi oktòb pase a anba kout zam ak entèvansyon lame izrayelyèn kote plizyè milye moun, granmoun kou timoun, deja pèdi lavi yo.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici