Lekòl paka fonksyone, Ministè edikasyon nasyonal deside modifye kalandriye eskolè a

0

Depi ane akademik 2023-2023 la antre, se tipa tipa lekòl yo ap mache nan kapital la ak nan lòt Vil pwovens yo. Sitiyasyon sa vin pi mal kote lekòl paka fonksyone depi 29 fevriye nan Pòtoprens. Jedi 4 Avril 2024 la, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl sòti yon kominike pou anonse li fè reyamenajman nan kalandriye eskolè a.

“Apre plizyè reyinyon travay sou dewoulman ane lekòl la ak planifikasyon aksyon ki dwe fèt, e nan sousi pou pwoteje avni akademik elèv yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme piblik la, sitou ajan edikatif yo, li deside reyamenaje kalandriye eskolè 2023-2024 la”, sa nou kapab nan kominike sila a.

Nan sans sa, responsab edikasyon yo deside chanje dat egzamen leta yo : 

• Soti 22 pou rive 24 jiyè : egzamen 9èm ane fondamantal 

• Soti 22 pou rive 26 jiyè : egzamen Ekòl Nòmal Enstititè

• Soti 22 pou rive 26 jiyè : egzamen Sant Edikasyon familyal

• Soti 5 pou rive 8 out : egzamen bakaloreya

        Passion info Plus, Piblisite 

Egzamen nevyèm ane

Responsab yo fè konnen MENFP ensiste sou òganizasyon egzamen 9èm ane yo ane sa a, sitou pou nouvo matyè yo tankou Edikasyon Sivik, Edikasyon Fizik ak Espòtiv, Edikasyon Atistik ak Estetik, ak Edikasyon sou Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon. 

“ Egzamen sa yo ap obligatwa. MENFP deja distribye pwogram yo pou matyè sa yo nan 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo pou pwofesè yo byen ankadre elèv yo ”, pawòl responsab

E, yo presize pou premye ane eksperimantasyon evalyasyon 4 nouvo matyè sa yo, Ministè a vle tout elèv rete tèt frèt. L ap òganize yon egzamen espesyal ki pa dwe penalize okenn elèv.

Gwo pwomès

Pou yo pa rete absan nèt, responsab MENFP yo fè gwo pwomès ak elèv ki paka al lekòl yo akoz pwoblèm ki gen nan zòn yo.

Daprè sa n li nan kominike a, responsab yo di jan sa te fèt ane pase, Ministè a ap akonpaye tout elèv pou ede yo reyisi egzamen yo nan mete sou pye tout kalte pwogram edikatif « sou radyo, sou televizyon, sou kle USB, sou sit ministè a, ak kou konpansasyon aprantisaj ak prezans anseyan toupatou, sitou pou depatman lwès la ak lòt zòn ki pi afekte yo ». 

Ministè a di li renouvle apèl li bay tout sektè ak patnè l yo pou pwoteje Dwa pou Ledikasyon pou tout timoun ak jèn yo e pwoteje lekòl ak inivèsite yo. 

“ Se sèl fason pou nou pèmèt timoun ak jèn yo byen prepare avni yo. Se poutèt sa, MENFP kondane tout atak kont lekòl ak inivèsite nou yo ”, deklarasyon yo.

Pou fini kominike sa, Ministè a raple tout direktè lekòl enskripsyon anliy pou elèv ak pwofesè yo ap fini nan dat 12 avril 2024. 

N ap raple, se pa sèlman nan Pòtoprens ale lekòl tounen gwo liks. Plizyè kote nan pwovens, depi plizyè mwa, timoun yo pa janm pile pye lekòl, tankou nan divès vil nan depatman Latibonit, Sid, Grandans.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici