Ayiti-Krim: Donald Trump mande pou yo jwenn asasen 2 misyonè ameriken yo KOUNYA

0

Bandi ak zam k ap triyonfe Ayiti touye pou pi piti 3 moun nan sware jedi 23 me 2024 la nan Lizon, Kwadèboukè nan moman yo te atake yon òfelina. Gen 2 misyonè ameriken nan viktim yo, sa ki sisite anpil reyaksyon nan tout mond lan e menm ansyen prezidan Donald Trump fè gwo deklarasyon.

Viktim yo se Davy ak Natalie Llyod, de (2) misyonè de nasyonalite amerikèn epi Jude Montis, yon sitwayen Ayisyen ki te responsab òfelina.

“ Se pou Bondye beni Davy ak Natalie. Yon gwo trajedi. Ayiti lage san kontwòl nèt. Twouve asasen yo KOUNYA !!! ” se sa ansyen prezidan repibliken Etazini an, Donald Trump ekri sou rezo sosyal li « Truth Social ».

Passion Info Plus, Publicité

Fòk nou presize Nathalie Llyod, madanm Davy, se pitit fi Ben Baker, ki se yon repibliken epi Reprezantan Eta Missouri nan Kongrè ameriken an.

“ Kè m brize an mil moso. M pat janm resanti yon doulè konsa pandan tout vi m. Nou tout konnen pitit fi m Natalie ak bofis mwen Davy se misyonè pandan tout tan yo Ayiti ”, se sa Ben Baker deklare, pandan l mande konkou priyè pou li ak tout fanmiy lan k ap jwenn fòs pou simonte eprèv sa.

N ap raple fòs miltinasyonal la ki te gen pou deplwaye Ayiti 23 me sa pou vin fè fas ak gang yo, pa vini ankò. Deplwaman sòlda etranje yo ranvwaye pou mwa jen k ap vini an, selon enfòmasyon yo, akoz tout materyèl tankou machin blennde ak elikoptè poko achte.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici