Plis pase yon milyon bal, grenad ak misil, ki pèdi nan baz militè Kolonbi a, ka tonbe nan men bandi Ayiti

0

Se kòmsi pwoblèm peyi a pat deja ase. Nan revelasyon li fè madi 30 avril 2024 la, Prezidan kolonbyen an Gustavo Petro di Lame Kolonbi a konstate plis pase yon milyon bal ak grenad epi plizyè misil disparèt nan divès baz militè. E li di gen posibilite pou minisyon sa yo ateri Ayiti.

Daprè enfòmasyon yo, tout kalite materyèl gè sa yo ka twouve yo nan men rezo entènasyonal trafik zam ki pral vann yo. Gustavo Petro deklare sèl fason pou materyèl sa yo pèdi fòk depi lontan gen yon rezo ki konpoze militè ak trafikan nan peyi li.

Nan kad enspeksyon ki fèt nan plizyè baz militè, pami yo Fò Tolemayida ak baz 10e Brigad Lame a, men sa yo dekouvri :

Tolemayida manke 746 grenad kalib 81 milimèt ; 3 712 grenad ak men M-26 ; 2 880 grenad 40 milimèt ; 1 590 grenad 60 milimèt ; 797 grenad 40 milimèt.

Epi 8 203 bal kalib 7.62 ; 41 745 bal kalib 5.56 ; 131 577 bal kalib 7.62 ak 626 614 bal kalib 5.56.

Baz 10e Brigad manke 2 misil Spike ; 37 misil Nimrod ; 550 fize RPG ; 22 grenad 155 milimèt ; 621 grenad 106 milimèt ; 1 077 grenad 105 milimèt pou obi ; 1 077 grenad 90 milimèt ; 960 grenad 81 milimèt ak 1 218 grenad 60 milimèt.

Nan rezèvwa yo, li manke tou 4 171 grenad 40 milimèt ; 24 katouch kalib 40 milimèt L70HE ; 1 494 grenad 40 milimèt labone ; 3 694 grenad ak men M-26 ; 17 456 chaj anti-cha 50 TAP.

Epi 330 419 bal kalib 7.62 Slap ; 9 829 bal kalib 162 ; 761 551 bal 5.56 ; 57 992 bal kalib 5.56 Slap ak 1 262 bal kalib 38 espesyal.

Prezidan deklare rezo ki vòlè tout materyèl sila yo ka vann yo ak gwoup ak zam Kolonbi, konsa tou yo ka founi yo nan kad konfli a letranje, tankou nan peyi pi pwòch la ki se Ayiti k ap fè fas ak Vyolans gang.

Passion Info Plus , PUB

“Deja peyi Ayiti twouve l ak yon distans ki pa twò lwen baz 10e Brigad la ki sitiye l nan rejyon Karayib Kolonbi a ”, presizyon chèf Leta a.

Petro anonse y ap kontinye fè enspeksyon nan lòt baz militè peyi a epi tou y ap etidye posibilite pou demantle rezo ki dèyè trafik yo.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici