Gouvènman ayisyen an reyaji sou desizyon Luis Abinader pran pou fèmen fwontyè a

0

Tansyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn toujou rete menm jan akoz konstriksyon kanal sou Rivyè masak la ki pa fè otorite dominikèn yo byen ditou. Nan sans sa, prezidan Luis Abinader deside fèmen fwontyè li nèt ak Ayiti apati vandredi 15 septanm nan. Yon dezisyon gouvènman ayisyen an di li pran nòt epi mande popilasyon pou li rete kalm.

“Gouvènman Repiblik Dayiti note desizyon Repiblik dominikèn pran pou li fèmen fwontyè li pataje avèk peyi Dayiti vandredi 15 septanm a sizè nan maten”, sa nou kapab li nan yon kominike ki parèt jodi jedi a.

Otorite ayisyèn yo deklare “Nan jwisans souverènte l, Repiblik Dayiti ka deside eksplwate tout resous natirèl li yo. Menm jan ak Repiblik diminikèn, ki se vwazen ki pataje Rivyè Masak la ak li, Ayiti gen dwa total pou l pan priz dlo selon sa Akò 1929, ki siyen ant de peyi yo, prevwa”. Yo kontinye pou di gouvènman repiblik Dayiti ap pran tout dispozisyon dwa pèmèt pou l pwoteje enterè pèp ayisyen an.

Yon dyalòg te prevwa fèt ant 2 Leta yo pou rive jwenn yon antant sou konfli a. Gouvèman Ariel Henry a fè konnen “Dyalòg sa a te byen kòmanse ant delagasyon ayisyèn, ki te resevwa manda Gouvènman an, ak omològ Dominiken yo nan Komisyon binasyonal la. Rankont yo t ap kontinye nan Ministè Zafè etranjè Repiblik Dominikèn, lè prezidan dominiken an pran desizyon, pou kont li, pou l anonse fwontyè a pral fèmen”, demen vandredi a nan 6è tapan.

Nan sans sa, gouvènman ayisyen an lanse yon apèl pou vi ak byen popilasyon yo ka pwoteje sou tout fwontyè a, nan chak peyi ; epi li mande pou tout konvansyon entènasyonal, sou kesyon sa a, respekte. Nan menm kominike sa gouvènman an envite popilasyon an pou fè prèv metriz ak kalm epi li vle tout moun konnen l ap pran dispozizyon pou Plèn Mawibawou rive wouze kòmsadwa anba sipèvizyon Ministè Lagrikilti, Resous natirèl ak Devlopman riral nan tèt kole ak Ministè Lanviwonnman.

N ap souliye, menm jodi a, plizyè dizèn sitwayen ayisyen deside retounen lakay yo nan moman prezidan dominiken annonse l ap fèmen fwontyè li ak Ayiti definivman akoz konstriksyon kanal sou Rivyè masak la.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici