Chak moun gen yon fason yo satisfè sa yo rele dezi seksyèl yo, si gen moun ( Fi e gason ) se ak patenè yo pou yo kouche pou sa rive fèt, gen lòt ki fè l pou pwòp tèt yo. Si yo toujou ap pale de gason k ap bat laponyèt ebyen fi yo tou konn jere pilsyon sèksyèl yo atravè pratik sèksyèl. Rezon ki pouse yo fè l pa twò diferan youn lòt, genyen ki pa mal pou jwi e pou lòt sa depan de pozisyon an. Konsa tou Yo chak genyen yon rezon ki fè yo fè l.
Pou Nadine ki gen 19 lane k ap fè filo, se yon bon egzèsis mastibasyon ye. Li fè l paske pratik sa ede l konbat estrès epi se nan moman li nève li plis mastibe. Sa pèmèt li repran n kontwòl li. Jèn demwazèl lan pat kache pou l di n kisa aktivite seksyèl sa fè pou li:« Mwen dous
Mwen retrouve m pi byen ke lè m ap plimen paske mwen voye pi byen». Se pou n ta wè kontantman ak fyète ki gen sou vizaj elèv la pou l ap pale sou sijè sa.
Si Nadine se sou do li pran pòz pou l jere tèt li, konsa li jwi pi byen. Pou Dieuline ki se yon anpwaye nan admistrasyon piblik la, nenpòt pòz bon depi l kouche epi chwa souvan depan de sansasyon an, nan Lang angle a nou te ka di «feeling» la.
Rezon ki koz Dam 30 ane sa ki marye bay tèt li dwèt pa twò diferan. «Pou estrès epi sa ede m detann mw. Pafwa se lè mari m pa la. Li fè m santi m byen, mwen santi m nan pwòp mond mwen.» se sa li fè n konnen. Si n konprann byen mastibasyon ka fè n vwayaje san monte avyon.
Dieuline di nou tou li pa adikte de pratik sa, men sa pa anpeche l fè l souvan nan lide pou pase yon fantasm oubyen pou l kontinye konn tèt li plis. Se yon madam ki fin pwofesyonèl nèt nan pratik sa, daprè sa li fè n konnen li ka vini nan sèlman 2 minit. Tout fwa mari l pa okouran li konn fè sa, li pa fè l konnen jis pou l pa pran sa mal, men sa pa anpeche li konn kouche bò kote l epi l ap bay tèt li sèvis.
«Mw konn fè rezistans men sa pa mache fò m fèl pou m dòmi pi rapid. Li vreman bon ui. Lè w fin fè l ou tou sou, dòmi pran w san kontwòl». Sa se deklarasyon pa Juna ,25 lane k ap chache yon bon somèy.
Toutfwa, chak moun gen yon moman yo prefere lè y ap fè bagay genlè se menm jan pou mastibasyon si n kwè sa Juna fè nou konnen. « Mastibe a vrèman enpòtan sitou lè w pa deside penetre men ou jis woule tèt krèk la». Se yon demwazèl ki pa woule lang li pou l eksprime l.
Si anpil fi se pou estrès yo fè l, Juna li menm diferan sou rezon yo fè l. Depi l kouche lèswa fòk li fè l pafwa li te mèt reziste li paka kenbe, daprè konfesyon li fè nou.
Li te ajoute: «Lè m pa jwenn moun mw plis fè l, depi m jwenn moun ki ka frape m byen mw pa fè l. Lè m jwenn yon nèg byen fè sèks avè m fè m byen voye, ban m anpil bwa m pa mastibe, men depi moun nan pa byen jere m mw mèt fenk fin fè sèks m ap refè l ankò.» epi tou fè nou konnen se nan maten bonè mastibe a bon, nan moman sa li pi dous.
Kisa sikològ yo di nan koze sa?
Apwòch sikolojik yo montre nou pratik sèksyèl sa ki pote non mastibasyon an gen anpil avantaj ,ki vle di li jwe yon gwo wòl nan lavi gason/fi ki pa negosye pratik sa.
Seksològ Valérie Major menm rekòmande nou fè l poun sa byen dòmi. Pi lwen , Manfred Schedlowski, ki se yon chèchè swis fè nou konpran n pratik sèksyèl la pèmèt nou bouste sistèm iminitè nou.
Sikològ ki travay sou domèn nan fè konprann gen plizyè faktè ki eksplike sa, pilsyon sèksyèl fi a deklanche pa rapò a yon imaj /son oubyen yon bagay li imajine ki estimile l . Sa konn rive fi a mastibe pou l ka libere l sèksyèlman akoz li pa jwenn yon patnè seksyèl , konsa tou patnè a konn la li prefere mastibe paske nivo sansasyon yo pa menm.
Se yon pratik sèksyèl nòmal, fè l ap pèmèt li konbat estrès, ede li konprann tèt li pi byen selon sa nou li sou sit « psychologue.net » epi konn kò li pi byen, oubyen nou te ka di sa ap pèmèt li jui seksyalite li.
Anpil gason nan difikilte pou yo konn ki konpòtman yo ta dwe genyen fas ak yon fi ki adikte a pratik sa, pafwa genyen ki konn fè yon kraze kite sa olye yo chache jere sa. Men yon jenn sikològ nan Inivèsite Leta Dayiti te krache nou ti mo sa “ tout pratik sèksyèl ou fè twòp gen efè segondè. Tankou la mastibasyon se yon aktivite nòmal,men adiksyon an anòmal paske la li vin tounen yon patoloji. Nan sans sa patnè a dwe mennen l konsilte yon pwofesyonèl an sante mantal pou ede li .”
Gen fanm ki itilize bwòs dan, sentiwon, plim oubyen kreyon oubyen vibwomasè ou « sextoy » pou jwenn plezi y ap chache a, genyen tou ki pa nan twòp konplikasyon, dwèt yo sifi pou jwenn bout plezi a ,alòs mesye yo menm konn itilize likid ki apwopriye pafwa yo jis fè l konsa.
Nadine: « Mwen dous, mwen retrouve m pi byen ke lè m ap plimen paske mwen voye pi byen »
RELATED ARTICLES
Recent Comments
Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur
Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur
Poursuivi pour enlèvement aux États-Unis, Izo « 5 segond » risque une peine d’emprisonnement à vie
sur
Haïti : Nou P ap Dòmi lance un concours de débat sur la corruption et l’impunité pour les écoliers
sur
Port-au-Prince : au moins 28 présumés bandits tués, trois véhicules, un drone et des armes saisis
sur
Fondation Digicel : les 18 gagnants de la 8ᵉ édition de « Konbit Pou Chanjman » désormais connus
sur
À l’initiative de VOA Kreyòl, plusieurs journalistes haïtiens ont reçu une formation aux Etats-Unis
sur
À la recherche de matériels perdus, au moins 5 présumés bandits récoltent le «Bwa Kale» à Mirebalais
sur
Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur
Dans l’incapacité de payer une intervention chirurgicale, Watson Saintil lance un appel à l’aide
sur
Haïti: 2 439 personnes tuées, 902 blessées et 951 enlevées de janvier à mi-août, note HumanRights
sur
Élection à la tête de la Fédération Protestante d’Haïti : Dr Julio Volcy à la conquête du grand Nord
sur
Assassinat des deux journalistes: l’AHML condamne et presse les autorités à diligenter une enquête
sur
Une femme découvre que son compagnon est en réalité son frère biologique après 6 ans de relation
sur
Nord-Ouest : deux présumés bandits arrêtés, deux fusils d’assaut et d’autres matériels récupérés
sur
Avec un Stephen Curry « ON FIRE », Golden State égalise deux victoires partout face à Boston Celtics
sur
« Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur
Élection présidentielle colombienne: un candidat favori veut distribuer gratuitement de la cocaïne
sur
« Ariel Henry est un médecin respecté. Il n’est pas un assassin », dixit Edmonde Supplice Beauzile
sur
Selon la fille aînée de Samir Handal, son père vivait à Miami et FBI était au courant de son voyage
sur