Se nouvèl sa k ap fè pale anpil sou rezo sosyal yo. Yon gwo rat (raton-laveur) ki antre an deblozay nan yon magazen alkòl, nan lannuit vandredi 29 novanm 2025 lan, fini sou e san bon sans nan twalèt yo. Aksyon ensolit sa pase nan Eta Vijini, Etazini.
Nan maten, mèt magazen an al pantan sou pil boutèy ki kraze anndan nan reyon yo. Videyo kamera siveyans yo montre jan animal la t ap byen koulè bweson li nan espas la.
Tout kouri gen bouke. Ebyen, responsab la al jwenn Raton an kouche plat sou vant nan twalèt magazen an. Li totalman sou e enkonsyan.
Raton an pèdi tout kontwòl anba alkòl. Aprè plizyè èdtan somèy, sèvis pwoteksyon animal yo, ki te depeche sou plas, libere koupab la nan lanati, san okenn pinisyon.
Malgre tout dega li fè, bweson li koule gratis, mouche Raton pa jwenn okenn kondanasyon. Otorite yo di l ale pa fè sa ankò.
